Septanm 2005
cu
Maladi Obstriktif
Respiratwa Kwonik
(COPD) se katriyem nan
maladi ki touye plis
moun nan Etazini.
Cen plis pase 2 milyon
moun ki gen 65 an
oswa plis ki soufri
maladi opresyon,
epi an 2001 te gen
plis pase 860 000
moun ki te gen yon
atak opresyon.2
Pran Laj ak Pi
Bon Sante,
Respire Pi fasil
Premye nan yon Sen Enfomasyon pou Moun ki Gen
Anpil Laj ak Moun nan Fanmi an kap Okipe yo
Eske ou te konnen Maladi
Obstriktif Respiratwa Kwonik
(COPD) se katriyem nan maladi
ki touye plis moun nan Etazini,
epi li retire lavi anviwon 119 000
moun chak ane?l An 2000, COPD te
lakoz 726 000 moun entene lopital
epi 1,5 milyon moun te ale nan sevis
ijans lopital.1 COPD genyen ladan li
bwonchit kwonik ak anfizem, ki se
maladi poumon ki mache ansanm
souvan, epi karakteristik yo se bouche
pasaj le a, sa ki fe li difisil pou moun
Ian respire. Yon gwoup moun ki an
danje anpil pou yo devlope COPD, se
moun ki fimen, men selman, yo
konnekte maladi sa a tou avek pousye
ak lafimen moun respire nan travay yo.
Nan pami sentonm yo, genyen tous
kwonik, flenm kap fet pi plis, lestomak
sere, souf wo, epi difikilte pou respire.
Konsekans Ekonomik COPD
ak Maladi Opresyon
Lajan sa koute pou trete moun nan
tout kategori laj yo se anviwon $32
milya pou COPD, epi $ 14 milya pou
maladi opresyon. Pifo nan lajan sa a
depanse nan tretman medikal pou
atak grav yo, le moun oblije goumen
pou yo respire. 1 COPD a paret pi
souvan sou moun ki gen anpil laj, epi
li ba yo gwo pwoblem nan kalite lavi
y-ap viv la. An mezi moun ki nan
jenerasyon "bebiboum" Ian ap grandi,
pral genyen plis nan moun ki gen
anpil laj yo ki pral soufri COPD ak
maladi opresyon.
Danje nan Anviwonnman an,
Deklanche COPD ak
Maladi Opresyon
Le Deyo a
Si yon kote gen polisyon nan le a, sa
kapab lakoz yon gwo danje pou moun
ki gen anpil laj, espesyalman si yo
malad nan poumon yo. Patikil ki nan
polisyon yo kapab fe maladi nan
poumon tankou COPD ak opresyon
vin pi grav, epi yo kapab lakoz
konsekans grav pou sante moun, ki
kapab fe yo oblije entene yo lopital
oswa fe yo mouri two bone. Ozonn
kapab fe maladi nan poumoun yo pi
grav tou, epi sa kapab lakoz moun ale
nan sevis ijans oubyen entene lopital.
Le Anndan Kay
Polisyon ki anndan kay ak nan bilding yo
kapab pa bon tou pou moun ki gen
COPD ak maladi opresyon. Anpil nan
moun ki gen anpil laj yo pase jiska 90
pousan nan tan yo anndan kay, epi
souvan yo rete lakay yo. Danje ki konn
nan anviwonnman an souvan, ki kapab
lakoz yon atak COPD oswa maladi
opresyon, se lafimen sigaret (kit se moun
kontinye depi paj 1
-------
Polisyon ki anndan kay ok nan bilding yo kapab pa
bon tou pou moun ki gen COPD ak maladi opresyon.
Kisa ou kapab fe pou kontwole
ak diminye danje polisyon nan
anviwonnman w
Si ou menm oswa yon moun ki pre-w gen
sentonm COPD oswa maladi opresyon, ale we
yon dokte epi swiv pwogram pou tretman
pwofesyonnel sante-w la ba ou. Sa ki pi
enpotan pou kontwole maladi sa yo, se pran
prekosyon davans epi chache pa ale nan kote
ki gen danje polisyon. Pran prekosyon pou
anpeche, pou kontwole, ak pou diminye
kantite fwa sentonm sa yo paret sou ou menm
oswa sou moun ki pre-w, pou nou kapab
respire pi fasil.
Rete Iwen lafimen sigaret
Rete Iwen lafimen ki soti nan fou kote
bwa ap boule
Diminye kantite mwazisi, pousye, ak
ravet ki lakay ou
Pa kite chen ak chat rete nan kote
moun domi
Enspekte aparey chofaj ak founo lakay
ou chak ane
Si gen yon tiyo ki koule, ranje li touswit
Cade enfomasyon nan Endeks sou Kalite
Le a (AQI)
Diminye kantite aktivite ou fe deyo toutotan ou
kapab, nan jou kalite le a pa bon. AQI a bay
rapo sou kalite le a, ki di-w si le a kapab aji sou
sante-w. Si ou kapab antre sou entenet, ou
kapab aprann plis sou AQI a, nan adres
http://www.epa.gov/airnow. Si ou pa kapab
jwenn yon odinate pou antre sou entenet, ou
ka jwenn plis enfomasyon sou AQI pou jounen
an nan jounal, nan televizyon, ak nan bilten
meteyowolojik nan radyo.
Ian ki fimen, kit se lot moun nan kote a), plim
ki soti sou bet, pousye ki nan le a, ak polenn.
Nan lot sous polisyon anndan kay ki kapab
lakoz yon atak COPD oswa maladi opresyon,
genyen Iwil chofaj, gaz, kewozin, chabon,
materyo konstriksyon yo, ak materyel ki fet ak
bwa konprime. Pestisid, pwodwi chimik pou
netwayaj, ak polisyon ki anndan kay ak nan
bilding yo kapab pa bon tou pou moun ki gen
COPD ak maladi opresyon. Matye ki gen ode
iritan yo kapab fe maladi yo pi grav tou.
Aprann plis sou Inisyativ EPA pou
Moun ki Gen Anpil Laj la
Inisyativ pou Moun ki Gen Anpil Laj la ap travay
sou prekosyon nan anviwonnman an pou pwoteje
sante moun ki gen anpil laj; pou rive fe sa, lap fe
kowodinasyon ant rechech, estrateji prevansyon, ak
edikasyon piblik la. Pou plis enfomasyon sou
Inisyativ pou Moun ki Gen Anpil Laj la, gade nan
adres http://www.epa.gov/aging
Nan sit entenet sa a, gen yon afich ou kapab rale
desann nan 6dinate-w, ki rele "Age Healthier
Breathe Easier" [Pran Laj ak Pi Bon Sante, Respire
Pi fasil], sou COPD, sou maladi opresyon ak sou
moun ki gen anpil laj.
AGING
Initiative
Denye Remak
1 National Institute on Heart, Lung and Blood,
NIH, U.S. DHHS, Mortality and Morbidity
Chartbook 2002 on Cardiovascular, Lung and
Blood Diseases
2 National Center for Health Statistics, Centers
for Disease Control and Prevention, U.S.
DHHS, Summary Health Statistics for U.S.
Adults, National Health Interview Survey, 2001.
(genyen 2,87 milyon moun ki gen 65 an oswa
pi plis dokte deklare yo deja genyen maladi
opresyon oswa anfizem)
Nimewo Piblikasyon EPA-100-F-05-033
------- |