OCR error (C:\Conversion\JobRoot\00000DB2\tiff\20017ES8.tif): Unspecified error ------- I I I I I I I I Kisa ou Kapab Fe pou Kontwole ak Diminye Danje Polisyon nan Anviwonnman-w Konsey pou sevi avek pestisid anndan kay: • Li etiket la. Etiket ki sou pestisid yo, se pi bon kote pou-w jwenn enfdmasyon sou jan ou kapab sevi avek pestisid yo san danje, epi avek efikasite. Si-w pa we byen, mande yon moun ede-w. • Toujou kenbe pestisid yo nan bwat oswa mamit yo vann yo. Pa janm sevi avek yon bwat oswa yon mamit ki te gen pestisid, pou fe yon I6t bagay. • Sevi avek pwogram pou jete deche a, si gen sa nan katye-w. Kontakte biwo ki responsab tretman deche solid nan zon ou an, oswa depatman sante a pou mande si gen yon pwogram nan kominote-w la pou jete deche ki gen danje yo. Si pa gen pwogram konsa, swiv direktiv ki sou etiket la byen. • Pa janm sevi anndan kay avek pestisid ki fet pou sevi dey6. • Fe moun ak bet ou gade nan kay la rete Iwen kote yo vaporize avek pestisid, ak kote ki gen vape sa yo. Li etiket la pou-w konnen kile pa gen danje ankd pou moun ak bet ou gade nan kay la retounen nan kote sa yo. • Eseye pa vaporize kote ou sere oswa kwit manje, epi eseye pa mete pwodwi chimik sou tout planche yo, ni sou tout miray yo, ni sou tout plafon an. • Limte aplikasyon pestisid yo nan kote ki gen vemin yo, epi sevi selman avek kantite yo rekdmande sou etiket la. • Eseye pa sevi avek pestisid yo deyo le gen van. Anvan ou vaporize deyd, femen pot ak fenet kay ou. • Le ou fin sevi avek yon pestisid, lave tout kote nan ko-w oswa nan rad ou ki te kapab pran kontak avek pestisid la. I I I I I I I I I I I Sevi avek yon Sistem Entegre pou Eliminen Vemin (IPM) - Eseye pa Sevi avek Pestisid si-w Kapab US EPA bay konsey sevi avek yon estrateji jeneral pou eliminen vemin, ki konn rele souvan "sistem entegre pou eliminen vemin" (IPM) pou kontwole vemin ki nan kay oswa nan bilding ki gen apatman. IPM se yon sistem pou eliminen vemin, ki sevi an menm tan avek yon estrateji kontwol san pwodwi chimik, epi avek mwens pestisid toksik, sa ki pemet diminye danje pou sante moun ak pou anviwonnman an. Pa egzanp, ou kapab sevi avek pelen, avek pyej, oswa avek gonm lakol, pase pou-w vaporize pwodwi pou eliminen vemin yo. IPM diminye danje pou sante, pou popilasyon ki sansib yo, tankou moun ki gen anpil laj. Aprann plis sou Inisyativ EPA pou Moun ki Gen Anpil Laj la Inisyativ EPA pou Moun ki Gen Anpil Laj la ap travay sou prekosyon nan anviwonnman an pou pwoteje sante moun ki gen anpil laj; pou rive fe sa, lap fe kowodinasyon ant rechech, estrateji prevansyon, ak edikasyon piblik la. Ale nan adres http://wvwv.epa.gov/agmg Pou plis enfomasyon sou pestisid, rele nimewo 703-305-5017, oswa ale nan sit entenet nou an, nan adres http://www.epa.gov/pesticides. AGING Initiative EPA 100-F-05-034 ------- |