Septanm 2005
Pandan yon sezon ete odine,

gen preske 1 500 moun ki

mouri nan EtaziniJ paske

chale a two fo pou yo. Nan

Chicago, yon sel vag chale

te touye plis pase 700 moun

an 1995. Nan Ewop, gen

yon vag chale ki te bat tout

reko yo, ki te touye anviwon

35 000 moun an 2003. Nan

tou de ka yo, pifo nan viktim

yo te gen 65 an oswa pi plis.
                        "Chale a Two Fo"-
                        Preparasyon  pou
                        moman  ki  gen  two
                        gwo  chale  yo
                        Enfomasyon pou moun ki gen anpil laj ak pou
                        moun nan fanmi an k ap okipe yo
     Eske ou te konnen gen
     plis moun ki mouri chak
     ane poutet "moman two
     gwo chale" yo pase nan
siklon, loraj, toubiyon, inondasyon,
ak tranbleman te kole ansanm? 2
Moman two gwo chale yo kapab
aji sou tout moun, men se moun ki
gen anpil laj yo ki pi an danje.
Moman two gwo chale yo, se  le
tanperati a rive rete 10 degre oswa
pi plis, pandan lontan, pi wo pase
nivo mwayenn chale ki konn genyen
nan yon zon.3
Yo di moman two gwo  chale  yo fe
plis ravaj sou sante moun nan vil
yo. Youn nan rezon yo,  se paske
wout yo ak bilding yo absobe eneji
soley la, epi yo ede "poch chale"
yo fome. Aloske tanperati nan
zon riral yo bese nan aswe, vil yo
kontinye kenbe chale yo absobe
a. Kom konsekans, rezidan nan vil
yo j'wenn mwens soulajman aswe
anba tanperati cho yo. Erezman,
gen kek aksyon senp moun ki gen
anpil laj yo, ak moun ki okipe yo,
ansanm ak lide nan kominote yo
kapab pran pou diminye konsekans
moman two gwo chale yo.

Ki moun ki an danje le chale
a wo anpil?
Moun ki gen anpil laj yo, ansanm
ak timoun piti yo, anba yon gwo
danje pandan moman two gwo
chale yo. Pou popilasyon sa yo, k-ap
vin genyen plis moun ladan yo nan
Etazini, sistem ki rafrechi ko yo a
kapab pa travay byen anko. Le yon
moun konsa ap viv poukont li, oswa
le li oblije rete nan yon kabann epi
li pa kapab okipe tet li, sa fe li anba
plis danje toujou.
Si yon moun deja gen yon pwoblem
sante, tankou yon maladi kwonik,
oswa yon pwoblem mantal, oswa si
li two gwo, sa kapab fe li pi vilnerab
toujou. Gen kek medikaman, le yon
moun oblije pran li, sa fe moun Ian
pi vilnerab tou.
    Ou ta sezi aprann konbyen moun "moman two gwo chale"
     yo konn touye. Cwoup moun ki vilnerab, tankou moun ki
      gen anpil laj yo, se yo menm ki anba pi gwo danje a.
          Bon nouvel ki genyen, se aksyon senp moun
               kapab pran pou pwoteje tet yo.

-------
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
Ki  prekosyon moun ka pran pou yo

pa rete lontan anba chale ki two wo?

Pi bon defans ki genyen kont chale ki two wo, se
prevansyon. Le kondisyonne, se youn nan pi bon
mwayen pwoteksyon ki genyen kont maladi ak lanmo
chale konn lakoz.4 Menm si se selman kek edtan ou
pase nan le kondisyonne a, pandan yon jounen, sa
kapab diminye danje a. Vantilate elektrik kapab pote
soulajman, men si tanperati a monte pi wo lontan
pase 90 degre, vantilate pa anpeche maladi chale a
kapab lakoz.

Pandan moman two gwo chale yo, estrateji pou
prevansyon sa yo kapab sove lavi moun:

• Si pa gen le kondisyonne lakay ou, ale  nan bilding
 ki gen le kondisyonne nan kominote a. Men ki kote
 yo kapab ye: sant pou moun ki gen anpil laj, sinema,
 bibliyotek, sant komesyal, oswa sant espesyal pou
 "kenbe moun fre".
• Pran yon douch fre oswa benyen nan dlo fre.5

• Bwe anpil likid. Pa tann ou swaf pou-w bwe likid. Si
 yon dokte di-w pa bwe anpil likid, mande li ki kantite
 ou kapab bwe le fe cho. Pa bwe likid ki gen  kafeyin,
 oswa alkol, oswa anpil sik. Bweson sa yo kapab
 dezidrate-w.
• Mande dokte w oswa pwofesyonnel sante-w la si
 medikaman w-ap pran yo kapab fe gen plis danje
 pou-w vin malad le gen gwo chale.
• Mete rad ki leje, ki gen koule kle, epi ki pa sere-w.
• Si ou konnen moun ki an danje konsa, ale we yo
 omwen 2 fwa pa jou. Veye siyal avetisman ki konn
 paret pou maladi chale bay yo, tankou  le po moun sek
 ak cho, le moun vin egare oswa le yo gen alisinasyon
 oubyen yo vin agresif.
• Rele 9-1-1 touswit si moun Ian bezwen yo ede I.
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
Epi tou, le moun rete nan etaj
ki pi wo nan bilding ki pa gen le
kondisyonne, yo anba pi gwo danje
pandan moman two gwo chale yo.
Menm Jan an, si yon moun patisipe
nan aktivite deyo ki mande anpil efo,
epi si yon moun bwe alkol pandan
gen chale ki fo anpil, sa fe konsekans
chale a pi grav toujou.

Kouman two gwo  chale a aji
sou ko moun?
Pou li ka vin pi fre, ko yon moun
akselere sikilasyon san nan po moun
Ian, epi li fe sye koule sou po a. Le
sistem ki kontwole tanperati nan ko
yon moun two chaje, moun Ian ka
gen yon maladi chale ba li, oswa li
ka mouri. Le sa rive, sye ki soti nan
ko moun Ian kapab pa ase. Si nivo
imidite a wo, sa kapab fe li pi difisil
anko pou ko moun Ian travay pou
bese tanperati  moun Ian.

Ki rapo ki genyen ant chale ki
two fo yo, avek ensolasyon?
Ensolasyon, se  konsekans pi grav ki
kapab rive moun pandan yon moman
two gwo chale. Se sa ki rive le sistem
pou kontwole tanperati nan ko yon
moun pa travay. Le ko yon moun pa
kapab travay pou bese tanperati li,
tanperati moun Ian monte vit. Kom
konsekans, ensolasyon kapab lakoz
dega ki grav epi ki pemanan nan ogan
vital yon moun.
Le sa rive, ou ka we po viktim Ian
paret cho ak sek, epi koule a wouj.
Lot siyal avetisman ki kapab genyen,
se le moun Ian egare, oswa li gen
alisinasyon, oswa li vin agresif. Si yo
pa trete moun Ian touswit, ensolasyon
an kapab lakoz li andikape avi, oswa
li ka mouri. Bon nouvel la, se aksyon
fasil ki esplike nan paj sa  a
kouman ou ka anpeche
ensolasyon.

-------
Kisa gouvenman lokal ou ka fe pou ede?
Gouvenman lokal la kapab jwe yon wol enpotan nan
predi ak reyaji le gen two gwo chale. 2 estrateji yo
konn swiv anpil kote, se sistem alet kont chale, epi
aksyon pou diminye chale.

Sistem alet  kont chale
Sistem Alet pou Aveti kont Chale yo rekonnet le
chale a lakoz yon menas kont sante popilasyon an.
Sistem sa yo sevi avek pwogram nan odinate pou
analize prediksyon Sevis Meteyowolojik Nasyonnal yo,
ansanm ak  lot enfomasyon lokal pou predi kondisyon
ki gen danje yo. Yo etabli Sistem Alet pou Aveti kont
Chale nan Philadelphia, Seattle, Chicago, St. Louis, ak
nan kek lot  vil nan Etazini ak nan Ewop.
Le yo aprann gen yon alet, otorite sante piblik yo
kominike enfomasyon yo bay moun ki gen anpil laj,
ak bay moun ki okipe yo, ak bay lot gwoup moun ki
an danje.

Ede moun ki pa gen kay, ak moun ki gen
maladi mantal
Aksyon pi ba la yo, se "pi bon mwayen" ofisyel nan
vil la kapab  pran pou alete rezidan yo, ak pou ba yo
asistans direk:
    Pibliye avetisman nan medya yo
    Aktive nimewo telefon pou sekou yo
•    Alete volonte nan katye yo, moun nan fanmi yo,
    ak zanmi yo
    Rezeve  bilding ki gen le kondisyonne, epi bay
    transpo pou  ale nan kote sa yo
    Ede moun ki san kay
    Travay avek "ajans pou moun ki gen anpil laj"
    nan zon Ian, pou bay moun ki an danje yo
    enfomasyon
Administrasyon Vil yo kapab fe kowodinasyon tou,
avek sevis elekstrisite lokal yo, pou yo pa koupe
kouran moun  pandan vag chale a.
Ki aksyon ki pa koute two che kominote yo
kapab pran pou diminye chale a?
2 aksyon kominote yo kapab pran, se sevi avek
materyo konstriksyon ki reflechi reyon soley la, epi
plante pyebwa ak vejetasyon ki bay lonbraj ak freche
natirel. Tou de estrateji sa yo diminye konsekans poch
chale yo - ki se kote tanperati lavil yo rive ant
2 ak 10 degre Fahrenheit pi wo pase nan lot kote
nan zon Ian. Epi yo kapab fe tanperati two cho yo
rive mwen souvan, ak dire  mwen lontan, ak  monte
mwen wo.
Estrateji pou diminye chale, tankou bati "do kay ki
fre", ak beton kle nan lari, epi plante pyebwa pou
lonbraj, gen plizye avantaj.  Prekosyon sa yo:
    Fe tanperati nan kote a bese
    Diminye vites reyaksyon chale ki fe ozon mete
    polisyon nan le a
    Diminye konsomasyon eneji
•    Amelyore  konfo ak fasilite pou viv nan kote a

-------
                   Kouman chale  ki fo  anpil yo aji  sou mwen?
           Pou ko yon moun travay pou bese tanperati li, ko moun Ian akselere sikilasyon
           san nan po a, epi  li fe sye koule sou po a. Le sistem ki kontwole tanperati nan
           ko yon moun two chaje, moun Ian ka gen yon maladi chale a ba li, oswa li ka
                    mouri. Le sa rive, sye ki soti nan ko moun  Ian kapab pa ase.
                         Si nivo imidite a wo, sa  kapab fe li pi difisil anko
                          pou ko moun Ian travay pou bese tanperati li.
Pou aprann plis toujou
Inisyativ EPA pou Moun ki Gen Anpil Laj la ap travay
sou prekosyon nan anviwonnman an pou pwoteje
sante moun ki gen anpil laj; pou rive fe sa, I ap fe
kowodinasyon ant rechech, estrateji prevansyon, ak
edikasyon piblik la. Pou plis enfomasyon, oswa
pou patisipe nan "listserve" la, ale nan adres
http://www.epa.gov/aging

Lot referans
Environmental Protection Agency
Heat Island Reduction Initiative
http://www.epa.gov/heatisland

Center for Disease Control and Prevention
http ://www.cdc.gov/aging/
http://www.cdc.gov/nceh/hsb/extremeheat
http ://www.cdc.gov/M MWR

Environmental Health Perspectives
http://www.ehp.niehs.nih.gov

American Medical Association,
Heat-Related Illness During Extreme Emergencies
http://www.ama-assn.org

National Weather Service,
Heat Wave and Heat  Index
http://www.nws.noaa.gov/pa/secnews/heat/

Medicine Plus,
Heat Illness
http://www.niapublications.org/spnagepages/
hyperthermia-sp.asp

National Weather Service
http://www.nws.noaa.gov/om/hazstats.shtml

Heat Wave Awareness Project
http://www.esig.ucar.edu/heat/literate.html
Not anba paj
1.   Kalkstein, L.S. and J.S. Greene, 1997.
    Se yon Etid sou Rapo ant Klima ak Motalite
    nan Gran Vil nan Etazini, ak sou Konsekans
    Posib si Klima a Chanje. Environmental Health
    Perspectives, 105(l):84-93


4.
5.
Centers for Disease Control and Prevention,
2003. Extreme Heat. Ou ka j'wenn li sou entenet:
http://www.cdc.gov/nceh/hsb/extremeheat/
defaulthtm
Federal Emergency Management Administration,
Backgrounder on Extreme Heat, Feb. 2002
Naughton MP, Henderson A, Mirabelli MC, Kaiser
R, Wilhelm JL, Kieszak SM, Rubin CH, McGeehin
MA. Motalite  ki te an rapo ak chale pandan yon
vag chale Chicago an 1999. Am J Prev Med.
2002 May;22(4):328-9.
McMichael, A.J., L.S. Kalkstein ak lot gwo ekriven,
1996. Climate Change and Human Health,
(eds. A.J. McMichael, A. Haines, R. Slooff, S.
Kovats). World Health Organization, and
United Nations Environment Programme
(Who/WMO/UNEP), Geneva, 297 pp.
                                             Nimewo Piblikasyon 100-F-05-035

-------