Novanm 2005
Polisyon nan Anviwonnman an
Gen Gwo Konsekans sou Ke Moun
Enfomasyon pou ti Granmoun,
ansanm ak Moun k ap Okipe yo
Polisyon nan
anviwonnman
an kapab lakoz
moun gen maladi
ke ak fe konjesyon
serebral. Ti
granmoun yo
pa dwe rete two
Ionian kote ki
gen danje nan
anviwonnman
an, tankou
polisyon nan le a,
asenik, plan, ak
anpil chale.
ske ou konnen polisyon nan
anviwonman an kap lakoz moun fe
maladi ke ak fe konjesyon serebral?
Enfomasyon sila yo pral bay yon
rezime sou eleman polisyon nan anviwonman
an, epi yap di kouman eleman sa yo kap aji
sou sante ti granmoun. Enfomasyon sa yo ap
montre tou kouman ti granmoun yo kapab
pran prekosyon kont polisyon nan le ak nan
dlo ki kap ba yo maladi ke oswa lakoz yo
fe konjesyon serebral, oubyen ki kapab fe
sentonm yo genyen yo vin pi grav.
Maladi ke, ki se premye koz lanmo nan
Etazini, ansanm ak konjesyon serebral, ki se
twazyem koz lanmo nan peyi a, koute peyi
a plizye santen milyon dola chak ane. Dapre
CDC, nan lane 2001 ki sot pase a, maladi
ke touye 700 000 moun, ki reprezante 29%
sou kantite total lanmo nan peyi Etazini.
Polisyon nan Anviwonnman
an kapab lakoz Maladi Ke ak
Konjesyon Serebral
Polisyon Le Anndan Kay
Se moun ki pase plis tan anndan kay ki pi
fasil pou yo sibi konsekans polisyon le andann
kay. Gen etid ki montre ti granmoun yo pase
jiska 90% tan yo anndan kay. Le ki anndan
kay la gen yon melanj polisyon ki soti deyo
ak polisyon ki fet anndan kay la menm. Le ki
anndan kay kapab genyen ladan lafimen sigaret,
vape ki soti nan pwodwi chimik pou netwaye
kay, epi menm monoksid kabon. Eleman
sa yo ki nan le anndan kay la kapab lakoz
maladi grav, sitou pou moun ki gen tandans fe
konjesyon serebral oswa maladi ke.
Lafimen: Lafimen sigaret se youn nan pi
move eleman nan polisyon le anndan kay.
Le yon moun fimen, nou deja konnen sa
kapab ba li maladi ke oubyen lakoz konjesyon
serebral; men le ou respire menm kantite
lafimen an ki soti nan sigaret lot moun, sa
kapab ba ou menm pwoblem yo kom si ou
te fimen tou.
Fou ki sevi ak bwa ansanm ak chemine yo
ka bay yon lafimen ki genyen to grenn kabon
tou piti ladann. Kabon sa ka lakoz doule nan
lestomak ak palpitasyon, oswa fe moun respire
difisil, oswa fatig, sitou pou granmoun ki deja
soufri ak maladi ke.1
Pwodwi pou Netwaye Kay: Gen pwodwi
pou netwaye kay ki ka bay moun ki gen
pwoblem ke maladi grav le yo pa byen sevi ak
yo. Le gen vape ki soti nan pwodwi pou netwaye
yo, oswa nan pwodwi ki fonn penti, oswa nan
pestisid, dwe gen bon Jan vantilasyon nan kay la,
epitou moun pa dwe pase twop tan kote vape
sa yo ye, pou yo pa atake sante moun.
Vape ki soti nan pwodwi ki fonn penti yo,
tankou alkol mineral, terebantin, metanol, ak
zilen, aji sou poumon ak sou ke moun, epi
yo ka fe ke moun pa travay byen. Menm si
lalwa defann moun sevi avek penti ki gen
plon kounye a, gen anpil kay yo te bati anvan
lane 1978 kote yo te sevi avek penti ki gen
plon. Le gen renovasyon kap fet nan kay
nou, pran bon Jan prekosyon pou w pa pran
kontak ak penti ki dekale oswa pousye penti ki
kapab fe w malad grav, epi ki kapab menm fe
tansyon w monte.
Gen anpil fwa se kontak avek fimijen oswa
move ensektisid ki lakoz moun kontamine ak
pestisid. Mod kontaminasyon sa kapab bay
yon bann sentom tankou fe ke moun pa bat
byen oswa fe li bat two dousman.2 Nan ka ki pi
grav yo, kontak konsa kapab lakoz are di ke ak
menm lanmo.
Monoksid Kabon: Monoksid kabon (CO), ki
se yon gaz san koule e san ode, se youn nan
pi move eleman polisyon ki genyen paske li
difisil pou detekte. Moun li ka fe plis mal, se
moun ki deja soufri ak maladi ke, moun ki
gen venn yo bouche, oswa ki te fe konjesyon
nan ke paske monoksid kabon se yon eleman
-------
ki anpeche san nou pote kantite oksijen ke nou bezwen.
Si yon moun deja gen maladi ke, menm yon ti kantite CO
kapab ba li doule nan lestomak, oswa fe ke li travay pi
mal, epi fe li difisil pou moun sa fe egzesis fizik.3 Monoksid
kabon ka soti nan lafimen chemine, machin pou chofe dlo
ki sevi ak gaz, founo kwizin, sechwa, aparey chofaj potatif,
chemine, fou ki sevi avek bwa, epi nan mofle oto kap
mache nan remiz ki femen.
Polisyon Le Deyo
Pou moun ki gen anpil laj epi ki kapab gen maladi ke oswa
konjesyon serebral, li kapab bon pou yo sevi avek aparey ki
netwaye patikil ak polisyon nan otomobil, pou yo pa pran
anpil polisyon nan le.
Eleman ki nan Polisyon: Ti grenn chabon tou piti ki
konn flote nan le deyo yo ka lakoz maladi grav sitou pou
moun ki deja soufri ak maladi ke, oswa maladi kwonik ki
bouche poumon yo, oswa maladi opresyon. Patikil yo soti
plizye kote tankou oto, izin, chemine izin, ak dife. Genyen
nan eleman sa yo ki antre dwat nan le a, men genyen
lot ki soti nan reyaksyon chimik konplike ki konn rive nan
atmosfe a menm. Eleman sa yo kapab kouri sou yon
distans plizye milye kilomet le van bote yo, pou al aji sou
moun ki byen Iwen kote yo te soti a.
Anbouteyaj: Moun ka fe are di ke tou le yo fe anpil tan
chita nan anbouteyaj.4 Yo pa fin konnen tout bon si se
polisyon tout machin yo la ki lakoz sa (tankou eleman
polisyon ak CO), si se tansyon anbouteyaj la bay, osinon si
sa soti nan yon lot bagay.
Move Gaz: Gaz ozon ak dyoksid souf ak dyoksid nitwojen
se pami gaz ki bay anpil polisyon nan le a, epi yo ka bay
moun pwoblem sante tou. Gaz ozon kapab irite poumon
ak sistem respiratwa moun anpil, epi li kapab lakoz doule
nan ke ki ka fe moun Ian kwe li gen yon are di ke.
Dlo Moun Bwe
Gen prev ki montre ke gen plizye kalite metal ki nan dlo
moun bwe kapab lakoz maladi ke, osinon fe sentonm
maladi ke a vin pi grav.
Plon: Si yon moun pran kontak avek plon, sa kapab fe
tansyon li monte. Menm si se nan pousye penti moun
pran kontak ak plon pi fasil, dlo moun bwe ka gen plon
ladann tou. Epi menm si yo egzije pou dlo ki soti nan yon
rezevwa piblik pou li konfom ak regleman EPA genyen sou
plon yo, dlo ki soti nan tiyo kay moun ka toujou genyen
yon kantite plon ladann, paske ka gen ansyen tiyo nan kay
yo ki gen plon ladann.
Asenik: Asenik ki se yon eleman natirel nan dlo moun
bwe nan kek zon nan peyi a, kapab aji sou ke moun ki fe
lontan ap absobe I. EPA tabli yon seri regleman sou Jan dlo
pou moun bwe dwe ye nan sistem piblik distribisyon dlo
potab, pou anpeche moun absobe twop asenik. Si ou sevi
ak dlo ki soti nan yon pi nan lakou lakay ou, oswa nan yon
ti sistem distribisyon dlo, gade nan seksyon sou "Aksyon
ou Ka Pran yo" pou pran plis enfomasyon sou sa ou ka fe
pou w pa absobe twop asenik.
Le Fe Cho Anpil
Sa yo rele gwo chale, se le tanperati a rete lontan nan yon
nivo ki omwen 10° F (5.5° C) pi wo pase tanperati li abitye
fe nan yon zon. Pwoblem sante ki pi grav moun ka genyen
le chale a wo anpil se sa yo rele yon kout chale. Sa rive
le sistem ki kontwole tanperati ko yon moun pa travay
byen, epi tanperati anndan ko moun Ian monte yon sel
kou. Sentonm yon kout chale, se le po moun nan tou cho,
epi sech, epi wouj, epi moun nan paka sye. Lot siy toujou
se le moun nan vin toudi oswa lap depale. Kout chale se
yon pwoblem grav anpil, ki mande pou pou moun nan ta
we dokte menm kote a (rele 911 oswa mennen moun
nan nan sevis ijans lopital). Si moun sa pa trete, yon kout
chale kapab fe gwo dega ki pral rete tout tan nan ogan
vital moun nan, oswa rann moun Ian enfim pou lavi, oswa
touye li.
Si yon moun gen maladi ke, oswa si li te fe yon konjesyon
serebral, sistem li kapab pa tolere chale byen, epi li kapab
gen plis pwoblem le li fe cho anpil. Gen medikaman tou
ki ka fe moun pi fasil pou gen pwoblem sa yo le li fe cho
anpil, tankou medikaman pou depresyon, epi kek nan
medikaman pou sikilasyon san .
Le li fe cho, e kondisyone se pi bon pwoteksyon moun
kont maladi chale konn bay ak kont lanmo. Menm si se
selman kelke edtan ou pase nan e kondisyone a pandan
yon jounen, sa kapab diminye danje a anpil. Gen etid ki
fet ki di ke vantilate yo bon selman le tanperati nan kay
la a pi ba pase tanperati ko moun nan. Vantilate yo kapab
bay ou ti soulajman, men si tanperati a monte pi wo pase
90 degre, vantilate a pa ka anpeche maladi chale yo; li ka
menm fe ka moun Ian pi grav.
-------
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
Kisa ou ka fe pou Ede w
Kontwole Maladi Ke ak
Konjesyon Serebral
Si ou kenbe abitid ki bon pou sante w, se pi bon
mwayen pou w anpeche maladi ke ak konjesyon
serebral. Epi tou, ti granmoun yo pa dwe pase anpil
tan kote ki gen eleman polisyon nan anviwonnman an,
epi yo dwe ankouraje otorite nan zon yo pou yo pran
aksyon pou diminye danje ki nan anviwonnman an.
Pa Pase Anpil Tan Kote Ki Gen Eleman
Polisyon nan Anviwonnman an
- Pa kite lafimen antre anndan kay la: Pa rete
kote ki gen lafimen sigaret. Mande moun yo pou
yo fimen deyo. Eseye pa ale nan estoran, nan
kafe, ak nan lot kote piblik ki gen moun kap fimen.
Pa sevi avek okenn fou oubyen chemine ki boule
bwa, oubyen sevi avek yo mwens.
• Pran prekosyon le w ap fe travay nan kay ou:
Ouve tout pot ak fenet le wap pentire kay, epitou
ouve vantilate tou. Le w ap pentire, pran repo
tanzantan pou w ale respire deyo kay la, epi le ou
fin pentire, pa rete pre penti a pandan kelke jou.
Anvan ou koumanse renovasyon nan yon kay ki
te bati anvan lane 1978, pran prekosyon pou w
pa pran kontak ak plon. Pou retire penti ki gen
plon, pa ititlize papye sable, dife a gaz propan,
ni sechwa le cho, paske zouti sa yo leve twop
pousye ansanm ak lafimen ki gen plon ladann.
Si fok ou sevi avek pestisid, toujou li etiket yo
anvan, epi swiv tout prekosyon ak restriksyon yo
mande pou ou pran. Pran anpil prekosyon le w
ap sevi avek pestisid; Fe tout sa yo di sou papye
a epi mete gan plastik, pantalon long, ak chemiz
manch long. Le w fin fe sevi ak pestisid la, chanje
rad sou ou epi byen lave men w menm kote a.
Lave rad ki te pran kontak avek pestisid yo pou
kont yo.
• Prekosyon kont anpwazonnman ak monoksid
kabon: Pa janm kite mote machin ou ap mache
poukont li nan yon remiz, menm si pot remiz la
ouvri. Veye pou aparey nan kay ki mache avek gaz
yo byen ajiste. Sevi ak vantilate ki voye lafimen
deyo. Fe yon pwofesyonnel ki gen fomasyon pou
sa enspekte, netwaye, epi mete sistem chofaj
santral ou anfom (founez, kannalizasyon, ak
chemine yo) chak sezon oton la rive. Detekte pou
monoksid kabon plizye kote nan kay la.
Pa rete twop nan anbouteyaj oswa deyo
le gen polisyon: Toujou chache konnen le
gen bagay nan le a ki pa bon pou moun malad.
Pale ak dokte w pou w konnen le ou pa dwe fe
twop aktivite le bagay sa yo nan le a. Regie e
kondisyonne lakay ou pou fe I resikile le a, epi
kenbe fenet ou yo femen le gen dife ki te pran
nan katye w, kit se nan kay vwazinay, kit se nan
yon rak bwa ki pre lakay ou. Diminye tan ou pase
nan anbouteyaj. Eseye pa fe aktivite fizik, epi
limite kantite egzesis ou fe pre wout ki gen anpil
anbouteyaj.
Pou chale pa fatige w: Ouve aparey e
kondisyonne lakay ou, oswa ale yon kote ki gen
e kondisyonne sou katye w la. Benyen ak dlo fre.
Mete rad ki leje, ki gen koule pal, epi ki pa sere
sou ko w. Mande dokte w si medikaman w ap
pran yo ka fe ou pi malad le li fe cho.
Bwe anpil likid, men pa bwe twop bagay ki gen
kafeyin, alkol, oswa anpil sik. Bwason sa yo kapab
fe ou dezidrate. Si dokte wap swiv la mande pou
ou pa bwe anpil likid, mande li ki kantite ou kapab
bwe le fe cho.
Bwe dlo ki pwop: Pou ou pa absobe twop plon
nan dlo ke wap bwe, fe dlo fret nan tiyo lakay ou
koule pandan omwen 30 segonn, menm 2 ou
3 minit si w kapab, anvan ou bwe li. Li ta menm
bon pou moun ki resevwa dlo ki soti nan sous
minisipal yo, oswa ki rete nan kay ki ansyen yo,
pou ta fe teste dlo a pou we si gen plon ladann.
Si se yon sistem minisipal ki voye dlo lakay ou,
premye bagay ou ka fe se mande otorite sistem
minisipal yo enfomasyon sou rezilta tes ke leta
mande pou yo fe pou detekte plon ak kwiv nan
dlo a, sitou nan zon ou rete a.
Regleman EPA pou asenikyo egzante sistem
distribisyon dlo ki bay mwens pase 15 "koneksyon"
pa ane, oswa ki sevi mwens pase 25 moun. Si ou
sevi avek dlo ki soti nan yon pi nan lakou lakay ou,
oswa nan yon ti sistem ki pa sou kontwol leta, epi
ou rete nan yon zon kote yo rapote anpil asenik
nan dlo anba te a, li ta bon pou w mande fe yon
tes pou asenik nan dlo wap sevi a.
Pi bon kote ou ka jwenn enfomasyon egzak sou
dlo ou bwe a se nan biwo ki responsab bay
ba ou dlo a. Konpayi dlo yo sipoze voye yon rapo
chak ane bay tout kliyan yo sou kalite dlo a (yo
rele sa rapo pou bay kliyan plis asirans). Kontakte
konpayi ki ba ou dlo a pou mande yon kopi rapo
sila a.
I
I
I
I
I
I
I
I
I
-------
Ankouraje Otorite Nan Zon ou yo Pou Yo
Pran Aksyon
Otorite nan zon ou yo dwe pran aksyon senp sa yo pou
diminye danje yo, epitou pou fe piblik la konnen prekosyon
ti granmoun yo dwe pran.
• Pase regleman pou moun pa fimen nan kote
piblik: Si yo defann moun fimen nan kote piblik la
ale (tankou restoran, kafe, ak pak piblik), otorite yo
kapab limite kantite lafimen sigaret moun ap respire
nan yon kominote.
• Tabli yon sistem aktif pou bay avetisman ak pou
pran aksyon le pral gen gwo chale: Sistem sa yo
kapab fe moun konnen le pral gen gwo chale, epi
aveti rezidan yo, epi ede moun ki pi frajil yo.
• Fe yo pibliye ak swiv sa yo di nan Endeks sou
Kalite Le a: Endeks sou Kalite Le EPA a se yon rapo
yo bay sou kalite le a chak jou. Cade nan adres
entenet www.epa.gov/airnow
• Ankouraje moun pran transpo piblik, sa ka
diminye anbouteyaj ak polisyon nan le a: Transpo
piblik se pi bon mwayen pou soulaje anbouteyaj, ak
polisyon nan le a, ak tansyon lespri pou moun.
• Pa Bati pak piblik yo, chimen pou bisiklet yo,
ak wout pou moun mache tou pre ak gwo wout
prensipal yo: Aktivite fizik se youn nan pi bon
mwayen pou w anpeche maladi ke ak konjesyon
serebral. Pa fe egzesis sa yo pre wout kot machin ap
pase ak kote ki gen polisyon trafik machin.
Kontwole Eleman Prensipal ki Bay Plis Danje
pou Maladi Ke ak Konjesyon Serebral yo
Anviwonnman an se selman youn nan bagay ki aji sou
moun ki gen maladi ke oswa fe konjesyon serebral. Men
bagay pi enpotan ou ka fe pou pwoteje tet ou kont maladi
ke ak konjesyon serebral:
• Pa rete kote ki gen lafimen sigaret
• Fe ekzesis fizik pandan 30 minit pa jou, omwen
5 jou pa semenn
• Swiv Regleman sou Alimantasyon 2005 la pou
abitan Etazini yo
• Ale we dokte w regilyeman pou detekte epi trete
pwoblem tansyon, dyabet, ak ipelipidemi (sa vie
di le gen twop lipid ou gres nan san w)
Lot Sous Enfomasyon
Ajans sou Pwoteksyon Anviwonnman
Endeks sou Kalite Le: www.airnow.gov
Asenik: www.epa.gov/safewater/arsenic.html
Kalite Le Anndan Kay: www.epa.gov/iaq/
Nimewo Piblikasyon EPA 100-F-05-039
Haitian Creole Translation of Environmental Hazards
Weigh Heavy on the Heart.
Plon: www.epa.gov/lead
Penti: www.epa.gov/iaq/homes/hip-painting.html
Pestisid: www.epa.gov/pesticides/
Kote pou moun pa fimen: www.epa.gov/smokefree/
Sant pou Kontwol ak Prevansyon Maladi
Sante kadyovaskile: www.cdc.gov/cvh/
Gid pou Kondisyon Fizik: http://www.cdc.gov/nccdphp/
dnpa/physical/recommendations/older_adults.htm
Regleman pou Alimantasyon nan Etazini
www.health.gov/dietaryguidelines/
Biwo Federal pou Administrasyon Ijans
www.fema.gov/hazards/extremeheat/heat.shtm
Sevis Meteyolojik Nasyonal: www.nws.noaa.gov/om/
brochures/heat_wave.shtml
Asosyasyon sou Maladi Ke pou Etazini:
www.americanheart.org
Enstiti sou Efe pou Sante
www.healtheffects.org/about.htm
Pou Aprann Plis Toujou
Inisyativ EPA a pran ap travay pou pwoteje sante
tout ti granmoun avek rechech kap fet, ak tout
prevansyon, edikasyon sou enviwonman an. Pou plis
enfomasyon, oswa pou patisipe nan "listserve" nan
Inisyativ EPA pou Ti Granmoun yo, ale nan adres
entenet http://www.epa.gov/aging. Granmoun yo ka
amelyore sante yo ak kalite lavi yo, si yo aprann kisa
nan anviwonnman an ki ka ba yo maladi ke oswa
lakoz yo fe konjesyon serebral, epi si yo kontwole lot
bagay sa yo ki ka lakoz yo vin malad , menm si se pa
nan anviwonnman an yo ye.
Not
Ajans Etazini pou Pwoteksyon Anviwonnman: C id sou Patikil ki
Mete Polisyon nan Le a http://www.epa.gOV/airnow//aqLcl.pdf
Ajans Etazini pou Pwoteksyon Anviwonnman: Regleman ak
Administrasyon Pwazon ki nan Pestisid 1999. http://www.epa.
gov/pestiddes/safety/healthcare/handbook/lndexl.pdf
Ajans Etazini pou Pwoteksyon Anviwonnman: Monoksid Kabon
ak Kalite Le a, EPA 600-P-99-001 F. Research Triangle Park, NC
Ajans Etazini pou Pwoteksyon Anviwonnman, Biwo Rechech
ak Devlopman, Sant Nasyonal pou Evalyasyon Anvizonnman -
Jen 2000
Peters, A., S. von Klot, M. Heier, I. Trentinaglia, H. Ines, A.
Hormann, H.E. Erich, H. Lowel. "Konsekans Anbouteyaj sou
Devlopman Enfaktis Myokad." Jounal Medsin nan Nouvel Anglete.
21 oktob 2004. 351 (17): 1721-30.
------- |