Avril 2007
Dlo bay lavi
Enfomasyon pou Vyeya ak Moun
k ap Okipe Fanmi yo
ro
CU
Pami tout adilt,
yo konsidere
vyeya yo kom
pi vilnerab a
kontaminasyon
ki pran sous nan
dlo. Moun k ap
viv avek viris
VIH ak sa ki gen
kek febles nan
sistem iminite yo
egalman plis an
danje.
Dlo se yon bagay ki esansyel nan
vi nou. Nou itilize I pou bwe,
pou fe manje, pou benyen,
netwaye ak pou agrikilti. Pwiske
dlo se yon pati entegral nan aktivite
jounalye nou, se poutet sa konsomate yo
dwe konnen ki le li san danje.
Yon dlo ki kontamine ka detwi lasante,
espesyalman pou moun ki pi aje yo ak sa ki
soufri ak kek maladi kwonik. Epitou moun
k ap viv avek viris VIH ak moun ki gen kek
febles nan sistem iminite yo plis an danje.
Ou ka jwenn kontaminan ki nan
anviwonman yo nan dlo potab e pandan
aktivite plezi kom lanaj. Ou ka egalman
vin an kontak avek polyan ki nan dlo si
ou manyen dlo egou k ap devese. Ou ka
pwoteje sante w si w aprann koman pou w
redwi oswa elimine kontak avek kontaminan
ki nan dlo.
Dlo Tiyo Lakay:
Byen ke majorite dlo potab pa gen danje
pou lasante, aksidan kontaminasyon ka rive
e li rive deja. Nan tip de polyan ou ka jwenn
nan dlo, gen pwodwi chimik tankou radon
ak plon, bakteri ak viris. Seksyon sa a ap dekri
kek pwoblem ki posib ke w ka jwenn nan
dlo tiyo lakay ou.
Mikwob:
Yo rele tout bakteri ak viris mikwob. Ou
jwenn yo nan dlo potab, men poulaplipa,
yo pa toksik. Okazyonelman, dlo potab
konn gen seten mikwob ki bay maladi,
anpatikilye mikwob ki koze maladi gastwo-
entestinal. Abityelman baraj pwoteksyon
ko nou ak sitem iminite nou anpeche
mikwob sa yo ba nou maladi. Sepandan,
poutet gen yon bes nan nivo sistem
iminite imen an 16 laj a p rantre epi poutet
gen seten chanjman nan baraj pwotektif
fonksyon gastwo-entestinal yo, vyeya yo vin
patikilyeman siseptib a maladi mikwob bay.
Pami mikwob gastwo-entestinal (Gl nan
lang angle) yo jwenn nan dlo potab, gen
parazit tankou Kriptosporidyom ak Gyadya,
gen bakteri tankou E. koli, Salmonel ak
Chigela epi gen viris tankou Nowak. Gen
anviwon 211 milyon ka maladi Gl chak ane
Ozetazini (US)1.
Plon:
Yon ekspozisyon a plon ki dire lontan ka
koze pwoblem sante nan sistem neve an.
Plon ka fe tansyon ateryel ou monte, li ka
bay pwoblem neve, pwoblem memwa ak
pwoblem konsantrasyon, epi doule nan
misk ak nan jwenti. Plon akimile ak estoke
nan zo yo. Nan epok menopoz, le zo yo
komanse fisire, plon ka soti nan zo yo pou
bay kom rezilta yon to plon elve nan san
an. Menm si se yon sevis piblik ki ba w
dlo lakay ou, li ka gen plon ladann poutet
kowozyon nan sistem plonbri kay la oswa
poutet tiyo nan lari yo ki ka fet ak plon.
Asenik:
Gen prev ki montre ke yon kontak a lontem
ak yon kantite elve asenik kapab bay kanse,
li ka agrave pwoblem kadyovaskile ki deja
egziste epi li ka ogmante nivo to dyabet nan
yon moun ki dyabetik. Kontaminasyon ak
asenik ka rive natirelman (apatide jewoloji
rejyon an) oswa li ka rive poutet pratik
endistryel oswa agrikol ki mande pou yo
mete pwodwi chimik ki gen asenik nan te a.
Ajans pwoteksyon anviwonman an (EPA nan
lang angle) etabli yon estanda pou sistem
distribisyon dlo potab piblik yo pou yo seten
ke moun pa p ekspoze a de nivo asenik two
elve. Sepandan, estanda sa a pa kouvri pwi
ki prive yo, ni sistem ki gen mwens pase
1 Mead PS, Slutsker L, Dietz V, McCaig LF, Bresee JS, Shapiro C, Griffin PM, Tauxe RV. Food-Related Illness and
Death in the United States (Maladi ak Lanmo ki gen rapo ak manje Ozetazini). Emerging Infectious Diseases
(Emejans Maladi Enfektye), 1999; 5(5): 607-625
Nimewo pou Ijans Dlo Potab EPA (800) 426-4791
-------
Dezidratasyon -
(bezwen bwe dlo)
Adilt ki pi aje yo kouri risk pou
yo dezidrate paske ofiramezi
yon moun ap vyeyi, sansasyon
swaf la diminye e yo pa santi
bezwen pou yo bwe dlo osi
souvan ke le yo te pi jen.
Epitou yo ka petet pran de
medikaman ki ogmante risk
pou yo dezidrate oswa yo ka
soufwi ak kek kondisyon fizik
ki rann mouvman bwe a difisil.
Le moun ekspoze a mikwo-
oganism ki nan dlo, yo ka fe
moun sa yo tonbe malad e ka
ba yo dyare, e sa ka ogmante
risk pou yo dezidrate.
Siy dezidratasyon yo enkli ladan
yo:
Bouch sech oswa bouch
lakol
Yon ti kantite irin oswa
okenn irin; irin ki vinn
konsantre a paret jon fonse
Yon mankman sou dlo nan
zye
Zye fon
Kannannan oswa nan
koma (16 gen yon
dezidratasyon grav)
Pwiske dezidratasyon se yon
danje pou lavi w, fo w bwe
anpil dlo chak jou. Si w diminye
konsomasyon dlo nan tiyo
w paske w pa renmen gou li
oswa w pe pou kalite li, ou dwe
trete dlo a oswa chache yon
lot sous pou jwenn dlo jiskaske
pwoblem nan rezoud.
15 priz oswa ki sevi 25 moun selman. Si
dlo tiyo w bwe a soti nan yon pwi oswa
nan yon ti sistem, li ta bon pou ta fe teste
li pou asenik.
Radon:
Gaz radon se dezyem koz maje ki bay
moun kanse poumon Ozetazini. Yo
estime ke omwen 1 kay sou 15 gen
yon nivo elve gaz radon ladan I. Radon
espesyalman danjere paske li envizib et
sanzode. Yo jwenn li nan woch, te ak dlo.
Si dlo tiyo lakay ou soti nan yon pwi, gaz
radon ka degaje nan le a pandan w ap
benyen. Si kay ou gen yon nivo elve gaz
radon ladan I, dlo ki soti nan pwi ou a ka
youn nan sous li yo.
Kpman Pou m Evite Risk
ki an Relasyon ak Dlo?
Premye bagay pou fe se ranseye w sou
avi ki soti nan depatman lasante nan vil
ou an oswa avi ki soti nan depatman
anviwonman an, epi swiv konsey yo.
Pran ranseyman sou dlo w ap sevi a epi
cheche konnen si w ta dwe fe teste li pou
seten kontaminan.
Pran Ranseyman Sou Dlo Potab ou
a: Si dlo tiyo w soti nan yon sistem
distribisyon dlo piblik, li dwe satisfe
estanda EPA yo. Yo egzije Konte yo
founi abone yo rapo sou tes yo fe.
Tcheke rapo anyel sou kalite dlo
founise w Ian, ke yo rele tou rapo de
konfyans pou konsomate oswa rele
founise a pou mande I si w dwe gen
enkyetid konsenan seten tip polisyon.
Si w rete nan yon apatman, mande
manadje a pou I afiche rapo de
konfyans pou konsomate a nan yon
lye piblik. Si dlo a vini apatide de yon
pwi, li pa gen pou I satisfe estanda
EPA yo. Tout moun lakay ou dwe
pran de prekosyon espesyal, tankou
fe tes anyel pou asire yo ke dlo w
sevi a pa gen danje pou sante w.
Swiv Tout Anons Piblik sou Dlo
Potab: Founise dlo w Ian oblije emet
yon anons sou jounal, nan radyo,
televizyon, pa lapos oswa bay yon
mesaje an men pwop si gen yon
ijans poutet maladi moun ap pran
nan dlo a. Anons Ian va dekri tout
prekosyon w dwe pran, tankou bouyi
dlo a oswa itilize dlo yo vann nan
boutey. Swiv konsey founise dlo a. Le
w bouyi dlo a pandan yon minit, sa
ta dwe touye nomalman tout mikwo-
oganism yo men li pa p elimine
kontaminasyon chimik yo.
Kontakte Founise Dlo w a Pou
sa Konnen si w Dwe Teste li pou
Plon: Ou pa sa we, santi oswa pran
gou plon. Rele depatman lasante
nan vil ou an oswa founise dlo w
pou w konnen si w dwe teste dlo
a pou plon. Piga bouyi dlo a. Pase
le w bouyi dlo a, sa pa p retire plon
nan dlo a e li ka menm agrave
pwoblem nan paske konsantrasyon
plon an ap ogmante ofiramezi ke dlo
a ap evapore. Si w panse ke sistem
plonbri w Ian ka kontni plon, itilize
dlo fret selman pou bwe ak fe manje.
Kite dlo fret la koule jiskaske I vin
fret anpil, espesyalman si w pat itilize
dlo a depi plizye edtan. Pou ka gen
plis enfomasyon, rele Sant Nasyonal
Enfomasyon sou Plon (National Lead
Information Center) nan (800) 426-
4791.
Tes pou Radon nan Le Lakay Ou
Gen plizye kalite twous ki gen ladan
yo de tes bon mache pou radon ke
yo rele "do-it-yourself (fe I poukont
ou)" (nan long angle) ke w ka achte
pa lapos oswa nan kenkayri. Oubyen
ou ka fe yon pwofesyonel kalifye vini
pou fe yon tes pou radon. Si w jwenn
yon kantite radon ki elve nan kay la, li
ka rantre atrave dlo oswa atrave te a.
Si dlo a vini apatide yon distribisyon
dlo piblik, kontakte founise a. Si w
gen radon nan dlo ki soti nan pwi
lakay ou, rele nimewo ijans pou dlo
potab EPA a nan (800) 426-4791.
Danje ki Genyen le w ap
Naje nan Dlo
Yo ankouraje tout vyeya pou yo rete
fizikman aktif. Laplipa de plaj yo pa
prezante okenn danje pou naje yo;
sepandan dlo plaj yo ka kontni de mikwo-
oganism envizib ki bay maladi. Le w naje
nan dlo kontamine, sa ka ba w de maladi
ki pa grav tankou malgoj ak dyare. Lot
adilt ki gen yon sistem iminite ki feb gen
plis chans pou yo vin malad apatide dlo
ki kontamine.
Femti Plaj: Leta, tribi ak ajans
gouvenman lokal pou lasante oswa
ajans pou anviwonman yo mezire
epi idantifye nivo mikwo-oganism ki
nan plaj yo pou evalye si dlo a satisfe
estanda EPA pou lasante yo. L6
nivo mikwo-oganism yo pa konfom,
ajans yo poze de panno davetisman
oswa yo femen plaj la. Nivo sa yo
gen plis chans pou yo elve le tanpet
fin pase. Li enpotan pou ke vyeya
-------
ki gen pwoblem sante yo tcheke e
swiv avetisman pou plaj yo, paske
yo pi sansib a mikwob ke adilt ki
ansante yo.
Danje ke Enfiltrasyon
Dlo ka Bay nan Kay,
Espesyalman apre
Inondasyon
Le yon kay pa byen antretni, li ka vin
yon sous potansyel ki ka ekspoze vyeya
a kontaminan. Si reparasyon ki nesese
pou fet nan kay la yo pa fet a tan, li ka
okazyone yon akimilasyon eksesif imidite
oswa dlo anndan kay la. Sa ka rezilte nan
devlopman mwazisi, sitou si pwoblem
imidite a rete san pesonn pa okouran de
li. Mwazisi ka koze de reyaksyon alejik
nan endividi ki sansib, tankou eteniman,
nen koule, zye wouj ak chofi (demit)
epi, nan ka ki pi grav yo, pwoblem
respiratwa. Ou ka vin an kontak avek
polyan ki nan dlo a le sistem egou ki nan
kay la remonte. Sa ka rive anko si tiyo
ki pou pemet drenaj dlo sal la bouche
poutet enfiltrasyon rasin pye bwa ki koz
ou al konekte sou rezo drenaj piblik la
oswa yon fos septik. Retou dlo drenaj
patikilyeman komen apre lavalas lapli
katastwofik ki pwovoke inondasyon yo.
Enspekte Lakay ou pou Fwit Dlo:
Etabli yon pwogram regilye pou
enspekte kay ou pou fwit dlo nan
pyes twalet, basen pou fe lesiv ak
arebo fenet ak pot yo. Pa neglije
deveswa dlo twati ak kondwi dlo
yo. Cheche pou we si gen kote flo
ap fwite.
Elimine Dlo pou w sa Elimine
Mwazisi: Mwazisi bezwen dlo pou
li devlope. Si pou anpeche mwazisi,
se pou repare tout fwit nan plonbri
ak nenpot lot pwoblem dlo leplito
ke posib. Foubi tout sifas ki di ak dlo
savon pou wete mwazisi epi seche
yo byen. Pou w sa elimine mwazisi
lakay ou, fok ou netwaye pou retire
I epi fok ou elimine sous dlo a.
Gen kek pwodwi netwayaj ki fet
espesyalman pou trete devlopman
mwazisi.
Apre yon Inondasyon, Netwaye
Kote ki Domaje yo: Inondasyon koze
risk pou lasante. Dlo inondasyon ka
charye dlo egou ak lot bagay anndan
lakay ou. Menm si dlo inondasyon an
pwop, dlo ki pa ka koule ak materyel
i
i
i
i
i
i
i
i
i
i
i
Kisa pou m Fe Si Mwen
pa Kapab Bwe Dlo Pa m?
L6 gen devesman dlo oswa
tretman tanpore pou kek
pwoblem nan dlo, ou ka pa
kapab bwe dlo lakay ou pou
yon ti tan. Moun ki gen de
bezwen espesyal pou sante
yo oswa ki viv nan de kote ki
rekoni pou kontaminasyon dlo
yo ka oblije konsidere de sous
dapwovizyonman dlo ki diferan
pandan yon tan ki pi long.
Swiv Sa Anons Piblik sou Dlo Potab yo di pou w Fe:
Founise dlo w Ian oblije emet yon anons sou jounal, nan
radyo, nan televizyon, pa lapos oswa bay yon mesaje an
men pwop si gen yon ijans poutet maladi moun ap pran
nan dlo a. Anons Ian va dekri tout prekosyon w dwe pran,
tankou bouyi dlo a oswa itilize dlo yo vann nan boutey. Swiv
konsey founise dlo a . Le w bouyi dlo a pandan yon minit, sa
ta dwe touye nomalman tout mikwo-oganism yo men li pa
p elimine kontaminasyon chimik yo.
Bwe Dlo nan Boutey: Plizye konpayi Iwe oswa vann de
distribite dlo oswa fonten, epi yo livre boutey dlo nan kay
prive ak nan biwo regilyeman. Men dlo nan boutey ka pi che
pase dlo ki distribye nan sistem dlo piblik yo. Kalite dlo nan
boutey yo varye selon diferan mak yo, poutet varyasyon nan
sous dlo yo itilize yo, nan kou eksplwatasyon yo ak pratik
de pwodiksyon konpayi yo. Moun ki gen sistem iminite
defektye ta dwe li etiket ki sou boutey dlo yo pou asire ke
yo itilize yon tretman estrik tankou osmoz enves, distilasyon,
reyon iltravyole oswa filtraj atrave yon filt mikwon 1 absoli
pou dlo a. Pou plis enfomasyon pou w ka konnen si dlo
nan boutey ou achte a satisfe estanda FDA yo, tcheke ak
NSF (nan lang angle) Entenasyonal (http://www.nsf,org/
consumer/botteld_water/oswa rele nan 877-8-NSF-HELP).
Enstale yon Sistem de Tretman Dlo Adomisil: Si w gen
yon pwoblem dlo a lontem, li ka nesese pou w trete dlo
lakay ou. Tretman pou lakay yo enkli itilizasyon filt ou mete
direkteman sou tiyo a oswa sa w mete ant koneksyon ki soti
nan tiyo alimantasyon prensipal la ak sa ki rantre nan kay
la. Si w gen pwoblem gaz radon, tretman adomisil la ka yon
solisyon.
i
i
i
i
i
i
i
i
i
i
i
-------
ki rete mouye vin yon beso de repwodiksyon pou
mikwo-oganism. Retire dlo ki pa koule, seche kay ou
byen seche epi jete tout materyel ki mouye. Netwaye
ak dezenfektan tout kote ki domaje pou diminye risk
pou pran maladi. Ou ka oblije ranplase tapi, rido ak
meb ou yo si dlo sal antre lakay ou.
Apre yon Inondasyon, Enspekte Pwi w yo: Si w gen
yon pwi ki prive, pa fe ponp dlo an pati, pa itilize dlo
pwi a ni pou bwe ni pou lave. Pale avek depatman
lasante leta a oswa depatman lasante nan vil ou a pou
konn ki prekosyon ou dwe pran.
Koman pou Mwen Pwoteje Dlo ki
Soti nan Pwi Prive Mwen?
Apwovizyonman prive nan dlo potab pa gen pou satisfe
estanda EPA yo. Si dlo w bwe a soti apatide yon pwi, ekspe
yo pa otomatikman teste li pou idantifye pwoblem ladan
I. Ou fet pou pran pesonelman tout prekosyon posib pou
asire pwoteksyon ak antretyen dlo potab ou a.
Idantifye Pwoblem Potansyel
Idantifikasyon pwoblem potansyel se premye pa nan
pwoteksyon dlo potab ou. Komanse pa konsilte yon ekspe
lokal tankou depatman lasante lokal ou, yon ajan estansyon
agrikol, yon biwo distribisyon dlo piblik ki tou pre w oswa
yon jeyolog nan yon inivesite lokal. Mande yo enfomasyon
sou ki pwoblem ki ka afekte kalite dlo ki nan pwi w la.
Teste Dlo Pwi w Chak Ane
Chak ane, fe teste dlo pwi w pou we si gen bakteri,
nitrat, solid ki dilye totalman ladann ak nivo to pH li. Si w
sispek gen lot kontaminan ladann, fe teste yo tou. Anpil
kontaminan pa gen koule ni ode, kidonk si w pa teste dlo
a, ou pa p kapab konnen si w gen yon pwoblem.
Ou dwe teste dlo w pi souvan si:
kek maladi ineksplike tonbe sou fanmi w
vwazen w yo jwenn de kontaminan danjere nan dlo yo
ou remake yon chanjman nan gou dlo an, nan ode I,
nan koule I aktransparans li
gen yon devesman pwodwi chimik oswa kabiran nan
pwi w oswa tou pre I
ou ranplase oswa repare yon pati nan sistem pwi w Ian
Koman pou w Anpeche Pwoblem
Kenbe tout fetilizan, pestisid, ebisid, kabiran ak lot polyan
Iwen pwi w. Fe atansyon le w ap travay oswa le w ap
koupe gazon arebo pwi w. Kontakte depatman lasante nan
vil ou a pou w mande chak konbyen tan ou dwe ponpe
ak enspekte sistem drenaj septik ou an. Piga jete okenn
materyel danjere nan sistem drenaj septik ou yo.
Koman Pou M Jwen Piplis
Enfomasyon?
Pwogram Vyeyes ak Inisyativ EPA (EPA's Aging Initiative) ap
travay pou pwoteje vyeya kont tout risk pou lasante atrave
kowodinasyon ant rechech, estrateji prevantif ak edikasyon
piblik. Pou plis enfomasyon, vizite:
www.epa.gov/aging
Resous adisyonel:
Dlo tiyo: What you Need to Know (Kisa ou bezwen
konnen)
http://www.epa.gov/safewater/wot/index.html
Arsenic in Drinking Water (Asenik nan dlo potab)
www.epa.gov/safewater/arsenic.html
Beaches (Laplaj)
www.epa.gov/beaches/
Consumer's Guide to Radon Protection (Gid pou
konsomate sou pwoteksyon kont radon)
http://www.epa.gov/radon/pubs/consguid.html#howenters
Emergency Disinfection of Drinking Water (Dezenfeksyon
ann ijans pou dlo potab)
http://www.epa.gov/safewater/faq/emerg.html
Floods (Inondasyon)
http://www.epa.gov/iaq/pubs/flood.html
Guidance for people with Severely Weakened Immune
Systems (Asistans pou moun ki gen Sistem Iminite ki
Seveman Diminye)
http ://www.epa.gov/saf ewater/crypto. htm I
Information for Private Well Owners (Enfomasyon pou
Pwopriyete Pwi Prive)
http://www.epa.gov/safewater/privatewells/whatdo.html
Mold Resources (Resous pou Mwazisi)
www.wpa.gov/mold/moldresources.html
Safe Drinking Water (Dlo Potab ki san danje)
http://www.epa.gov/safewater/dwinfo/index.html
Haitian Creole translation of: Water Works
Publication Number EPA 100-F-07-002
------- |