Out 2008
Maladi ke se
koz prensipal
lanmo nan
pa mi fanm ki
gen plis pase
65 an.1

                       Fanm ak Sante  nan
                       anviwonman  an
                       Enfomasyon pou granmoun aje ak
                       pwofesyonel ki bay yo swen
        Gen plizye fason
        anviwonman an
        afekte sante moun.
        Yon anviwonman
ki ansante gen efe pozitif;
yon anviwonman ki chaje ak
polisyon mete sante an danje.
Kek nan efe negatif yo gen yon
enpak patikilye sou sante fanm,
sitou pami sa ki gen plis  pase
50 an.

Polyan yo se fakte ki afekte
sante nan kondisyon komen
tankou maladi poumon,
ansanm avek lot maladi kwonik.
Kondisyon sante kwonik  tankou
tansyon, maladi pilmone
obstriktif kwonik (COPD,  nan
lang angle), ak opresyon  se pi
komen kay fanm ki gen plis
pase 50 an le w konpare yo ak
msye ki nan menm gwoup laj
la.2

Fey ranseyman sa a ofri
enfomasyon ni sou etap  ou ka
pran pou diminye ekspozisyon
w a polyan nan anviwonman an
ni sou kondisyon pou w  konnen
tank w ap pran laj,  sitou:
• Polyan nan le w respire a,
• Pwodwi netwayaj ak pestisid
  ou itilize nan kay ou, ak
• Ekspozisyon timoun yo a
  plon ak pwoblem sante ki ka
  vin mete pye akozdesa apre
  menopoz.3

Polisyon nan le
Polisyon nan le se
kontaminasyon le ki gen
sibstans danjere ladan I. Pami
egzanp polyan nan le, genyen,
antwot:
• Patikil fen, tankou echapman
  otomobil ak nwa fimen;
• Gaz, ki enkli ozon ak oksid
  de kabon;
• Lafimen ki soti nan chabon
  kap boule, Iwil oswa
  kewozen e ki soti nan
  pwodwi netwayaj kay ak
  penti; ak
• Lafimen ki soti nan tabak,
  nan dife k ap boule
  anplenne ak nan recho bwa
  k ap boule.
Patikil fen ak ozon se yo ke yo
idantifye kom polyan nan le ki
pi nwizib yo.
Rele Sant Nasyonal Kontwol Pwazon an (National Poison
 Control Center) si ou menm oswa yon moun ou konnen
  manifeste sentom  anpwazonnman (1-800-222-1222).

-------
Le w rete andedan kay ou, se pa sa kap
neseseman fe ke w pwoteje kont polisyon nan
le a. Patikil fen yo ka rantre andedan kay ou
oswa kote wap travay atrave fenet ki louvri,
pot, oswa e kondisyone. Si pa gen vantilasyon
adekwa, lafimen tabak oswa lafimen ki soti nan
pwodwi netwayaj yo ka vin konsantre  andedan
kay la e yo ka rapidman degrade kalite le a.
Rele Sant Nasyonal Kontwol Pwazon an
(National Poison Control Center) si ou menm
oswa yon moun ou konnen manifeste sentom
anpwazonnman (1-800-222-1222).

Efe  polisyon  nan le a gen sou
lasante
• Si w gen maladi kadyovaskile, polisyon
   nan  le ka lakoz varyasyon sibit oswa yon
   ogmantasyon nan ritm kadyak ou.4  Polisyon
   nan  le ka agrave atewosklewoz kowone oswa
   kondisyon kadyak kwonik ki ka koze yon  kriz
   kadyak56 e petet lanmo, sitou pami fanm ki
   fin fe menopoz yo.7
• Si w gen yon maladi nan poumon,  polisyon
   nan  le a ka rantre nan vwa respiratwa w e li
   ka koze pwoblem sante ki enkli anflamasyon
   poumon, difikilte pou respire, e li ka agrave
   kondisyon opresyon ak COPD a.
• Si w soufri dyabet, le w ekspoze  w  a polisyon
   nan  le sa ka ogmante risk pou gen  kriz
   kadyak, estwok, ak lot pwoblem  ke.8
Kouman pou evite oswa minimize
ekspozisyon w a polisyon nan le
Verifye Endis Kalite Le a (Air Quality Index: AQI)
chak jou.
AQI a rapote sou kondisyon pwoprete le a e li fe
w konnen tou  si sa pral afekte sante w. Diminye
aktivite ou fe deyo lepliske posib jou kalite le a
pa bon. Ou ka jwenn plis enfomasyon sou AQI,
le w ale sou sit entenet la nan www.epa.gov/
airnow. Ou ka  jwenn plis enfomasyon tou sou
kalite le a chak jou, nan jounal, televizyon, ak
nan rapo sou meteyo yo bay nan radyo.

Pestisid ak pwodwi netwayaj
Pestisid ak pwodwi netwayaj, sou fom poud, jel,
likid oswa flit,  se pwodwi chimik ki fo ki sevi nan
kay ak nan jaden pou netwaye sifas e pou touye
ensek. Ekspozisyon eksesif a
pwodwi chimik ki danjere nan pestisid ak ajan
netwayaj yo, ka bay:
• Maltet
• Toudisman
• Kontraksyon miskile
• Noze, ak
• Febles
Si ou menm, yon manm fanmi w, oswa yon
zanmi w manifeste nenpot nan sentom sa yo,
rele sant kontwol pwazon lokal ou a.
Sondaj sal dijans sigjere ke timoun ki gen
mwenske sizan gen  plis chans pou yo
anpwazone  pandan  yap vizite granparan
yo—kote li pi fasil pou yo an kontak ak pwazon
e kote ki pa gen bouchon ak femti timoun pa ka
ouvri-pase le yo lakay yo.
Byenke granmoun pi aje reprezante mwenske
twa pousan nan ka anpwazonnman ki rapote,
yo te gen defwa plis chans pase timoun ak jenn
adilt pou yo sibi rezilta grav e yo te gen 10 fwa
plis chans pou yo mouri akozde ekspozisyon
a pwodwi chimik sa  yo." Anplis, ekspozisyon
alontem a pestisid gen rapo ak pwoblem  sante
tankou kanse ak pwoblem newolojik (nan
sistem neve) tankou vin antatad.1213

-------
Kouman pou evite oswa minimiz
ekspozisyon w a pestisid oswa
pwodwi netwayaj
• Kite pwodwi yo nan boutey yo vini ladann
   nan. Li etiket yo avek atansyon epi swiv tout
   prekosyon yo rekomande yo.
• Jete pestisid ak pwodwi netwayaj yo selon
   enstriksyon ki sou etiket yo.
• Le wap itilize  pwodwi andedan kay la, kite
   pot ak fenet yo louvri epi limen yon vantilate
   pou sa gen anpil vantilasyon.
• Itilize pwodwi a selman nan seksyon ki gen
   pwoblem nan. Limite kantite w itilize selon
   rekomandasyon ki make sou etiket la.
• Riga w janm itilize andedan kay, pwodwi ki
   fet pou deyo. Se  pou w femen pot ak fenet
   kay ou anvan w aplike pwodwi yo deyo a.
• Apre w fin sevi ak pwodwi yo, toujou lave
   men w ak tout lot pati nan ko oswa rad ou
   ki te ekspoze  a pwodwi yo.

Plon
Eske w konnen si w te ekspoze a plon le w te
pi piti, I ap toujou nan ko w jouk  kounye a?
Plon ap akimile nan zo w yo kote li ka pa gen
okenn efe negatif sou sante w jiska pi devan
nan vi w. Pandan peryod menopoz, plon ki
akimile nan zo yo ap dekonpoze  epi  I ap lage
nan kouran sangen w. Pami fanm ki pi aje, nivo
plon nan san yo  ka rive jiska 25 a 30 pousan pi
wo pase nivo li te ye anvan menopoz.14
    I
    I
    I
    I
    I
    I
    I
Eske w te konnen?
• Itilizasyon terapi omon pou
   menopoz ka ogmante risk
   pou w devlope opresyon.9
• An 2003, pliske 63.000 fanm
   mouri akozde COPD, konpare
   a 59.000 gason.2
• Dyabet se yon pwoblem
   sante enpotan kote fanm yo,
   sitou pami Afriken-American
   ak Endyen Ameriken/
   Natifnatal Alaska.10
I
I
I
I
I
I
I
Ogmantasyon sa yo, ansanm avek ekspozisyon a
plon nou jwenn nan dlo oswa nan kay, ka gen efe
negatif sou lasante a. Nivo plon nan san ki pi elve
ka ogmante ris pou ipetansyon, atewosklewoz,
ak fonksyonman ren ki diminye.14 Anplis,
anpwazonnman ka lakoz fonksyonman koyitif ki
diminye, avek sentom ki sanble ak vin antatad.15

Kisa w ka fe?
• Al kay dokte touswit si w santi sentom tankou
  maltet, toudisman, kontraksyon miskile, noze,
  oswa febles.
• Rele konpayi lokal piblik ki ba w dlo pou w
  mande rapo anyel sou kalite dlo potab. Fe yon
  laboratwa setifye teste pwi dlo prive w chak
  ane. Si w bezwen plis enfomasyon, rele Liy
  Enfomasyon EPA sou Dlo Potab san Danje (EPA
  Safe Drinking Water Hotline) (nan 1-800-426-
  4791 oswa ale sou sit entenet la nan www.epa.
  gov/safewater).
• Kite pent! ki fet abaz plon jan I ye a, si li an
  bonn eta; piga sable oswa evapore pent! ki ka
  gen plon ladan.
• Piga retire pent! abaz plon ou  menm. Pou w
  wete pwodwi ki gen plon, anboche sevis yon
  pwofesyonel setifye nan travay sa.

-------
Kouman mwen  ka jwenn plis

enfomasyon?

Inisyativ EPA pou moun aje (EPA Aging Initiative)
ap travay pou pwoteje sante granmoun aje kont
danje nan anviwonman an, atrave jesyon ris ak
estrateji prevansyon, edikasyon ak rechech. Pou
plis enfomasyon sou Inisyativ EPA pou moun aje,
gade sit entenet la nan www.epa.gov/aging

Granmoun aje ak Kalite le a
http://airnow.gov/index.cfm?action=static.
olderadults

Kalite le a
Endis sou Kalite le a Ajans pou pwoteksyon
anviwonman an
www.airnow.gov

Kalite le enterye
www.epa.gov/iaq/

Kay ki pa gen lafimen
www.epa.gov/smokefree/

Sante nan anviwonman an
MedlinePlus
www.nlm.nih.gov/medlineplus/
airpollution.html

Maladi ke ak Estwok
Asosyasyon Ameriken kont maladi ke (American Heart
Association)
http://www.americanheart.org/presenter.
jhtml?identifier=4786

Maladi poumon
Enstiti Nasyonal pou maladi ke, poumon ak son
(National Heart Lung and Blood Institute)
http://www.nhlbi.nih.gov/health/public/
lung/index.htm
Asosyasyon Ameriken kont maladi poumon (American
Lung Association)
http://www.lungusa.org

Pwoblem sante fanm
Sant Nasyonal Rechech pou Fanm ak Fanmi (National
Research Center for Women and Families)
http://www.center4research.org/
Depatman Sante ak Sevis Imen nan Etazini (U.S.
Department of Health and Human Services)
http://www.4women.gov/
Not anba paj
1  Centers for Disease Control and Prevention,
http://www.cdc.gov/DH DSP/announcements/american_
heart_month.htm
2 American Lung Association, http://www.lungusa.http://
www.lungusa.org/site/apps/s/content.asp?c=dvLUK9OOE&b=
34706&ct=3052283
3 Muldon, S.B.; Cauley, J.A.; Kuller, L.H.; Morrow, L;
Needleman, H.L; Scott, J.; Hooper, F.J.; Effects of blood levels
on cognitive function of older women.
4 American Heart Association, http://www.americanheart.
org/presenter/jhtml?identifier=4419
5 Brook, R.D.; Franklin B.; Cascio W.; Hong, Y.; Howard G.;
Lipsett, M.; Luepker, R.; Mittleman, M.; Samet, J.; Smith Jr,
S.C.; and Tager, I., 2004. Air pollution and cardiovascular
disease. Circulation 109:2655-2671. http://circ.ahajournals.
org/cgi/content/full/109/21/2655
6 Zanobetti, A.; and Schwartz, J., 2007. Particulate air
pollution, progression, and survival after myocardial infarction.
Environmental Health Perspectives 115(5):769-774.
7 Miller, K.A.; Siscovick, D.S.; Sheppard, L; Shepherd, K.;
Sullivan, J.H.; Anderson, G.L; and Kaufman, J.D., 2007. Long-
term exposure to air pollution and incidence of cardiovascular
events in women. N Engl J of Med. 365(5):447-458.
8 Zanobetti, A. and Schwartz, J., 2002. Cardiovascular
damage by airborne particles: are diabetics are more
susceptible? Epidemiology 13(5): 588-592.
9 Barr, R.G.; Wentowski,  C.C.; Grodstein, F.; Somers, S.C.;
Stampfer, M.J.; Schwartz,  J.; Speizer, F.E.; and Camargo,
C.A. 2004. Perspective study of postmenopausal hormone
use and newly diagnosed asthma and chronic obstructive
pulmonary disease. Arch  Intern Med. 164: 379 - 386.
10 U.S. Department of Health and Human Services,
http://www.4woman.gov/minority/americanindian/diabetes.
cfm.
11 National Poison Control Center Data, 1993-1998.
12 Dich, J.; Zahm, S.H.; Hanberg, A.; and Adami, H., 2004.
Pesticides  and cancer. Cancer Causes & Control,8(3), 420-
443.
13 Kamel, F. and Hoppin, J.A., 2004. Association of
pesticide exposure with neurologic dysfunction and disease.
Environmental Health Perspective, 112(9),950-958.
14 Nash, D.; Magder, L.S.; Sherwin, R.; Rubin, R.J.; and
Silbergeld, E.K., 2004. Bone density-related predictors of
blood lead level among pre- and postmenopausal women
in the United  States. American Journal of Epidemiology, 160,
901-911.
15 Carpenter, D.O., 2001. Effects of metals on the  nervous
system of humans and animals. International Journal of
Occupational  Medicine and Environmental Health,  14(3),
209-218.
              Protecting UK Health
               vf Older Americans
 Publication Number EPA 100-H-08-056

-------