Fevriye 2009 Si dapre dyagnostik ou ou sou/17 dyabet oswa sendwom metabolik, ki se kondisyon prelimine pou dyabet ak maladi kadyovaskile, ou ka pi vilnerab a danje ki egziste nan anviwonman an, tankou polisyon ki gen nan le a ak gwo chale. Dyabet ak danje ki egziste nan anviwonman an Enfomasyon pou granmoun aje ak pwofesyonel ki bay yo swen Pami moun ki gen 65 lane oswa plis, yo rapote ke Ozetazini gen 20%gason ak 15% fi ki soufri dyabet. Gen pliske 60 milyon moun Ozetazini ki soufri dyabet oswa sendwom metabolik12, yon kondisyon pre- limine pou dyabet ak maladi kadyovaskile (maladi kadyak ak estwok). Pami dis (10) maladi Ozetazini ki plis touye gason ak fi ki gen plis pase 65 lane3, dyabet se you nan yo, epi li koute peyi nou an pliske $132 milya chak ane1. Kisa dyabet ye? Dyabet se yon maladi ki mete pye le ko yon moun pa kapab fabrike ensilin, ki limenm se yon omon pankreya a pwodui. Li mete pye tou le ko a pa reyaji a ensilin korekteman. Nanpwen moun ki konnen kisa ki lakoz maladi sa a, byenke jenetik ak kondisyon nan sa moun ap viv yo, tankou obezite ak mank egzesis, gen anpil pou we avek li. Gen diferan tip dyabet ki egz- iste, men definitivman sa ki pi komen yo se Tip 1 ak Tip 2. Tip 2 a, limenm, afekte pliske 90% moun ki soufri dyabet epi se li ki pi komen pami granmoun ki aje yo. Moun ki gwosi twop e ki pa aktif gen plis tandans pou yo devlope dyabet Tip 2. Le yon moun dyabetik, li gen plis chans pou I fe yon kriz kadyak, yon estwok, e li ka vin gen pwoblem ki gen rapo a move sikilasyon san nan ko I. Li ka vin bay pwoblem sante alontem, tankou moun nan ka vin aveg, li ka vin gen maladi nan ke ak nan veso sangen, li ka fe yon estwok, ren I ka sispann fonksyone, yo ka anpite swa janm oswa pye I, epi ne li ka vin domaje. Le moun ekspoze let yo a yon seri danje ki egziste nan anvi- wonman an, tankou polisyon ki gen nan le ak gwo chale, bagay sa yo ka lakoz sante moun ki soufri dyabet yo vin pi mal. Fey enfomasyon sa a bay yon ti esplikasyon sou fason bagay ki egziste nan anviwonman an ka afekte sante granmoun aje ki soufri dyabet, epitou fey enfomasyon sa a sijere kijan pou moun Ian kapab evite ekspoze tet li a polisyon ki egziste nan le a, ak evite gwo chale. ------- Dyabet se yon maladi ki pi kouran pami gwoup minorite yo Nan ane 2001, yo te klase dyabet an 5yem pozi- syon pami maladi ki plis touye fi nan gwoup Ameriken Endyen ak Panyol, epi dyabet te an 6yem pozisyon pami maladi ki plis touye gason nan gwoup Ameriken Endyen ak Panyol. Maladi dyabet la rive pi souvan pami Nwa Ameriken yo; pami Ameriken Endyen yo; pami kek Ameriken Azyatik; pami Awayen Natifnatal e pami Ameriken ki soti nan Zile Pasifik yo; epi pami Panyol yo. Yo rapote ke moun ki nwa e ki pa Panyol gen plis chans Ionian pou yo gen dyabet, si nap konpare yo ak moun blan ki pa Panyol (23% an konparezon a 14%). Epitou yo rapote ke Panyol yo gen plis chans pou yo gen dyabet pase moun blan ki pa Panyol (24% an konpar- ezon a 14%)4. Pousantaj popilasyon an ki gen 65 lane oswa plis ki soufri Dyabet (Pa Gwoup Etnik)5 25% 20_% 15% 10% 5.% 0% 14% 24% Blan ki pa Panyol Nwa ki pa Panyol Panyol Bagay ki gen nan anviwonman an ki ka afekte sante moun ki soufri dyabet Kalite le a Yo konsidere ke moun ki soufri dyabet gen plis risk pou yo sibi efe segonde le yo ekspoze a patikil domajan, oswa a polisyon ki gen nan le a ke yo jwenn le yo andedan ak le yo deyo. Le yo respire patikil domajan ki nan le a (pa egzanp: lafimen, lafimen ki sot nan mofle machin, degaj- man endistriyel ak nyaj ki fome poutet konbistib fosil kap boule), sa ka ogmante risk pou yo fe kriz kadyak ak estwok. Nan yon etid ki fet resaman, yo remake ke kapa- site veso sangen granmoun ki soufri dyabet yo genyen pou yo kontwole sikilasyon san an dim- inye nan jou ki gen anpil patikil poutet sikilasyon machin ak chabon kap boule nan izin elektrik. Yo remake le sikilasyon san an ralanti, moun Ian gen plis chans pou I fe yon kriz kadyak, yon estwok e pou I gen lot pwoblem nan ke. Gen lot etid ki montre le gen anpil polisyon nan le a, moun ki soufri dyabet entene lopital pi souvan epi yo mouri plis poutet pwoblem kadyovaskile56. Le gen gwo chale Le moun ekspoze a tanperati ki depase 90 degre Farennayt, sa ka yon gwo danje, sitou le imidite a two wo. Le w soufri dyabet epi gen gwo chale, li vin pi difisil pou ko w estabilize tanperati li fasil- man7. Si w soufri dyabet, ou fet pou pran anpil prekosyon le gen gwo chale. Meye fason pou pwoteje w, se pou pa ekspoze let ou a okenn tanperati ekstrem. Le w limen ekondisyone, se youn nan meye fason pou pwoteje let ou kont maladi ak lanmo pwoblem chale ka pwovoke8. ------- Kisa w ka fe pou w ekspoze tet ou mwens kont | danje ki egziste nan anviwonman an? | . LIMITE KONTAK OU GENYEN AK BACAY KI NAN . | ANVIWONMAN AN | • Evite ekspoze tet ou a sikilasyon machin e ak polisyon le ki I gen deyo a • Swiv bilten ki bay nouvel sou Endis Kalite le a (Air Quality Index, AQI) pou sa konnen kile le a pa bon pou gwoup moun ki sansib a li yo. Pale ak moun kap ba w swen an pou ka konnen kijan w ka ralanti sou aktivite w le Endis Kalite le a (AQI) tre wo. Si gen Ilafimen kap kouvri kay ou poutet ensandi ki nan fore oswa poutet lot kalite ensandi ki eklate, oswa si w rete nan yon edifis kote plizye fanmi rete tou, epi gen lafimen manje oswa lafimen vape kap degaje nan edifis la, limen ekondisyone a epi mete I sou mod resikilasyon le a epi kite fenet yo femen jiskaske lafimen an ale. Evite pase twop tan I nan anbouteyaj. Evite fe aktivite fizik. Pa fe anpil egzesis bo kote wout ki gen anpil sikilasyon. • Pa kite lafimen antre andedan kay I Evite lafimen tabak. Le w kapab, mande moun kap fimen yo pou yal fimen deyo. Ale nan restoran, nan ba ak lot milye piblik kote moun pa fimen. Ayere recho ki boule bwa ak chemine yo korekteman. II Pran anpil prekosyon le w ap travay nan kay la Si w gen entansyon pentire andedan kay la, planifye fe I le w ka kite fenet ak pot yo louvri, lefini limen vantilate pou vante kote wap pentire a. Pran repo pou al respire le Ifre regilyeman; pandan plizye jou, evite rete nan sal ki fenk pentire. _ Anvan w komanse renove yon kay ki te bati anvan ane 1978, pran prekosyon pou w pa al ekspoze tet ou a pent! ki abaz plon. Piga itilize aparey pou sable ki mache a kouwa, pa itilize toch ki mache a gaz pwopan, ni pistole temik (heat gun), ni zouti pou grate e Ini papye sable pou wete pent! ki abaz plon. Bagay sa yo pwopaje yon dividal pousye | ak lafimen ki chaje ak plon. • Pwoteje tet ou nan epok ki gen gwo chale w pi sansiD a maiadi ki gen rapo a cnaie. IBwe anpil likid, sepandan evite bwe bweson ki gen alkol oswa kafeyin. Bwason sa yo ka fe w dezidrate epi yo ka ogmante kantite idrat kabon nan ko w. Limen ekondisyone w oswa ale nan yon edifis nan kominote kote w rete a ki gen ekondisyone ladann. Pran yon douch oswa yon beny ak dlo fret. Mete rad ki leje, ki gen koule pal epi ki pa sere w. Mande dokte w oswa enfimye w si medikaman w yo fe w pi sansib a maiadi ki gen rapo a chale. ------- Inisyativ EPA pou moun aje (EPA Aging Initiative) ap travay pou pwoteje sante gran- moun aje kont danje nan anviwonman an, atrave jesyon ris ak estrateji prevansyon, edikasyon ak rechech. Pou plis enfomasyon sou Inisyativ EPA pou moun aje, gade sit entenet la nan www.epa.gov/aging Lot resous anplis: • U.S. EPA Indoor Air Quality: www.epa.gov/iaq/ Air Quality Index: www.epa.gov/airnow • Centers for Disease Control and Prevention http://www.cdc.gov/diabetes/ • National Institute of Diabetes and Digestive and Kidney Diseases: http://diabetes.niddk.nih.gov/ • American Diabetes Association www.diabetes.org Not anba paj 1 National Institute of Diabetes and Digestive and Kidney Diseases. National Diabetes Statistics fact sheet: general information and national esti- mates on diabetes in the United States, 2005. Bethesda, MD: U.S. Department of Health and Human Services, National Institutes of Health, 2005. 2 Ford ES, Giles WH, Dietz WH. Prevalence of the metabolic syndrome among US adults: find- ings from the Third National Health and Nutrition Examination Survey. JAMA 2002; 287(3): 356-9. 3 Federal Interagency Forum on Aging-Related Statistics. Older Americans Update 2006: Key Indicators of Weil-Being. Washington, DC. U.S. Governmental Printing Office. May 2006. 4 Federal Interagency Forum on Aging- Related Statistics. Older Americans 2004: Key Indicators of Weil-Being. Washington, DC. U.S. Governmental Printing Office. November 2004. 5 Goldberg MS, Burnett RT, Bailar JC 3rd, Brook J, Bonvalot Y, Tamblyn R, Singh R, Valois MF, Vincent R. The association between daily mortal- ity and ambient air particle pollution in Montreal, Quebec, 2: cause-specific mortality. Environ Res. 2001; 86(1): 26-36. 6 Zanobetti A, Schwartz J. Cardiovascular dam- age by airborne particles: are diabetics more sus- ceptible? Epidemiology 2002; 13(5): 588-92. 7 USEPA. Excessive Heat Events Guidebook. Office of Atmospheric Programs (6207J). Washington, DC. EPA 430-B-06-006. June 2006. 8 Naughton MP, Henderson A, Mirabelli MC, Kaiser R, Wilhelm JL, Kieszak SM, Rubin CH, McGeehin MA. Heat-related mortality during a 1999 heat wave in Chicago. Am J Prev Med. 2002; 22(4): 328-9. Protecting the Health of Older Americans Haitian Creole translation of: Diabetes and Environmental Hazards Publication Number: 100-F-08-065 ------- |