Out 2009
Tout moun gen ris
pou yo vin entoksike
le yo ekspoze a
oksid kabon. Se
grantnoun ki pi aje
yo e ki deja ap soufri
ak kek kondisyon
medikal, tankou
maladi kadyak
kwonik, anemi, oswa
pwoblem respiratwa,
ki pi siseptib pou sibi
efe gaz sa a ki son
ode e son koule.
                          Kouman  pou evite
                          entoksikasyon ak
                          oksid kabon
                          Enfomasyon pou granmoun  aje ak
                          pwofesyonel ki bay yo swen
      Eske w konnen ke oksid
      kabon (CO) se koz lanmo
      pa entoksikasyon ki pi
      komen ou jwenn nan
Etazini? Entoksikasyon envolonte
ak CO responsab pou apepre 500
lanmo ak 15.000 vizit nan sal dijans
chak ane. Se sitou granmoun aje
ki gen plis pase 65 an yo ki pi
vilnerab a entoksikasyon envolonte
ak CO, akoz ke tre souvan yo deja
genyen plizye pwoblem medikal
y ap soufri de yo.1 Byenke alam
pou CO kapab sove lavi moun, se
mwens ke letye kay ameriken yo
ki genyen enstalasyon alam sa yo
ladan yo.2


Kisa oksid kabon (CO)
ye?
CO se yon gaz ki pagen ni ode
ni koule e ki kapab koze maladi
ak lanmo. Sa ki pwodwi li,  se le
y ap boule nenpot kalite kabiran,
tankou gaz natirel, pwopan, gazolin,
Iwil, kewozin, bwa oswa chabon.
Nan pami aparey ki konn pwodwi
CO genyen machin, bato, mote ki
mache ak gazolin, fou ak aparey
chofaj. Bagay ki konn emet CO
sa yo konn akimile nan espas ki
femen net oswa espas ki femen
a demi. Le yon moun respire CO,
gaz toksik la antre nan sikilasyon
san moun nan epi li anpeche ko
a absobe oksijen ladan I, le konsa
tisi yo vin andomaje e rezilta a se
lanmo.3

Kisa sentom
entoksikasyon ak CO yo
ye?
Pou majorite moun, premye siy
ki montre yo te ekspoze a kek
ti konsantrasyon CO, se yon leje
maltet ak esoufleman le yo sot fe
yon ti ekzesis ki pa two di.  Le yo
anba yon ekspozisyon ki kontinye
oswa  ki vin ak fos, yo kapab vin
gen de sentom ki sanble lagrip
ansanm ak gwo maltet, vetij, fatig,
lestomak boulvese, konfizyon,
nevozite, epitou yo konn pedi
bonsans yo, memwa yo ak sans
kowodinasyon yo.4 Si yo rele CO
"ansasen silansye" ( "silent killer",
nan lang angle), se paske, le yo pa
rekonet premye siy li bay yo, yon
moun kapab pedi konesans e, le
konsa, li pap gentan kouri chape
pou li sot nan danje a.

Ou ka pa montre okenn
sentom menm le ou
ekspoze a de nivo CO ki
danjere.
Si yon moun respire yon ti  kantite
CO konsantre, li ka pa montre
okenn sentom entoksikasyon ak
CO ki  aparan, poutan si moun nan
ekspoze a de nivo CO ki feb, sa ka

-------
lakoz sante moun nan  andomaje alontem, menm
apre ke yo ta elimine sous CO a. Pami kek nan efe
sou sante sa yo, genyen domaj newolojik alontem,
kom pa egzanp, kapasite pou aprann ak memwa ki
vin diminye, pwoblem emosyonel ak pwoblem nan
pesonalite, ak twoub nan kapasite pou itilize sans yo
ak twoub pou deplase.5

Ki  moun  ki andanje  pou yo  entoksike
akCO?
Moun tout laj kouri ris pou yo entoksike ak CO.
Toutfwa, moun k ap viv ak yon maladi ke ki  kwonik,
anemi, oswa ki gen pwoblem respiratwa yo  pi
vilnerab a efe I yo.5 Granmoun ki pi aje yo leplisouvan
te deja gen pwoblem medikal nou sot site la yo, e
pwoblem sa yo bese nivo tolerans yo; poutet sa,
ris pou ekspozisyon fatal pou yo a vin ogmante.7
Entoksikasyon ak CO, se yon bagay ki esyansyelman
danjere tou pou tibebe ki nan vant manman yo; li
ogmante konsiderableman ris pou fetis la mouri nan
vant manman an, oswa pou timoun nan fet ak kek
twoub nan devlopman  I.8'9

Sa  rive pi souvan pami pep  minorite
yo
Gen yon etid ki fet nan Eta Washington pami
popilasyon minorite yo ki montre ke popilasyon
Ispanik la gen kat fwa plis chans ke popilasyon blan
an pou li fe entoksikasyon ak CO, e ke  popilasyon
Nwa a limenm gen twa fwa  plis chans ke popilasyon
blan an pou li fe entoksikasyon ak CO. Anplisdesa,
yo jwenn  ke nan 67% popilasyon Ispanik la, ak 40%
                  Oksid
                  Kabon
                (vape ki motel)
popilasyon Nwa a, se brile yo t ap brile chabon
andedan lakay yo ki fe yo te vin entoksike.10

Sa pou fe le w gen de sentom
ou panse ki ta kapab vini de yon
entoksikasyon ak CO:
• Chache respire le fre imedyatman. Louvri tout pot
   ak tout fenet; epi etenn tout recho, fou, chofaj, ak
   lot aparey kizin ki menm jan an, epi sot nan kay
   la.
• Rele yon sant anti-pwazon annijans nan  nimewo
   1-800-222-1222. Ekspe nan pwazon ki nan sant
   la ap fe w konnen si w ap bezwen resevwa plis
   swen medikal.

Pou anpeche  entoksikasyon ak  CO,
Pa bliye:
• Fe enstale alam pou CO toupre zon kote moun
   domi yo.
• Fe tcheke sistem chofaj yo ak tout aparey ou
   genyen ki brile gaz yo chak ane.
• Evite sevi ak aparey konbistib ki pa gen ayerasyon
   ladan yo.
• Pa janm brile kabiran andedan lakay ou, eksepte
   si se ak de aparey tankou recho, oswa aparey
   chofaj ak gaz ki fet pousa e ki pa gen okenn
   danje.
• Toujou prete atansyon a tout sentom ki sanble
   yon entoksikasyon potansyel ak CO.

Kek lot konsey pou anpeche
entoksikasyon ak CO:
• Toujou regie tout aparey ki sevi ak gaz
   korekteman.
• Le w ap ranplase yon ti aparey chofaj pou met
   anndan kay ki pa ayere, konsidere pou w achte
   youn ki ayere pito.
• Itilize kabiran ki apwopriye a nan ti aparey chofaj
   a kerozin pou met anndan kay yo.
• Enstale yon vantilate evakyasyon ki voye van jouk
   deyo kay la sou anle fou a gaz yo, epi itilize I.
• Louvri kondi yo le w ap sevi ak chemine a.
• Chwazi bon gwose recho ki brile bwa yo e ki
   bay garanti ke yo respekte estanda EPA yo  pou
   degajman vape.
• Asire w ke pot  fou a bwa yo femen byen di.

-------
   Fe yon teknisyen kalifye enspekte epi netwaye
   sistem chofaj la ak chemine a chak ane.
   Asire w ke tout aparey ki brile kabiran andedan
   kay la toujou an bonn eta e ke yo gen bonjan
   ayerasyon.
   Pa janm kite mote vwati w ap mache andedan
   garaj la, menm si  pot garaj la ouvri e ke li bay
   sou deyo.
   Sevi ak ti delko potatif yo aleksterye, Iwen bilding
   yo. Pa janm  itilize delko potatif yo sou balkon
   oswa toupre pot, klostra oswa fenet kay. Pa janm
   sevi ak delko potatif yo toupre kote w domi oswa
   fanmi w domi.
   Pa janm griye anyen sou gri chabon andedan
   kay, menm nan chemine a.
   Chofaj ki mache ak gaz pwopan yo oswa chofaj
   ki sevi ak lot kalite kabiran ke yo plase nan yon ti
   barak lachas oswa lapech yo, dwe gen ayerasyon
   ki bay sou leksterye.
   Pa janm chofe kay ou ak yon fou a gaz.
           am pou oksid kabon
                         ^-^
                          Ki mache ak pil
                        Pou met sou mi/nan
                              plafon
  Elektrik, pou
>loge nan kouran
Osije alam pou CO
Yo ta kapab anpeche lamwatye entoksikasyon CO
envolonte yo si moun te itilize alam pou CO. Fok
Laboratwa  Underwriters (Underwriters Laboratories,
UL) apwouve alam sa yo, e yo disponib anjeneral
nan tout kenkayri sou katye yo." Yo pa koute che
ditou e, le w gade posibilite ke li kapab sove lavi w
ak tout lavi fanmi w, ou ka menm di se yon piyay.
Enstale yon alam pou CO nan chak etaj nan kay
la, epi mete I yon kote moun kapab tande I nan
chak zon kote moun domi yo. Swiv tout enstriksyon
fabrikan yo ak anpil prekosyon sou kouman ak ki
kote pou w enstale yo, kouman pou w itilize yo, ak
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
                                                 I
Kouman  pou we diferans
ant entoksikasyon ak CO ak
lagrip
Puiske anpil nan sentom entoksikasyon ak
CO yo sanble anpil ak sentom lagrip, ou
kapab pa reyalize ke se entoksikasyon  CO
a ki ta ka lakoz yo. Jan pou w konnen  kile
sentom yo kapab rezilta entoksikasyon ak
CO a, se le:
• Ou santi w mye deke ou  pa lakay ou.
• Gen plis ke yon moun nan kay la ki
   malad anmenmtan (paske li pran
   anjeneral plizye jou pou yon moun
   pase youn lot maladi lagrip la).
• Manm fanmi ki pi afekte yo, yo pami
   moun ki pase plis tan andedan kay la.
• Sentom yo paret oswa vin pi grav
   yon ti moman apre ke yo limen yon
   aparey ki brile kabiran nan kay la,
   oswa ke yo estat yon machin nan yon
   garaj ki  atache ak kay la.
• Zannimo domestikyo paret malad
   tou, epi yo montre de sentom
   tankou yo toutan anvi domi oswa yo
   kannannan (zannimo pa atrape lagrip
   moun konn  pran).
• Ou gen doule tout kote nan ko w
   anjeneral, yon ti lafyev leje, oswa le
   glann lenfatik ou yo anfle (denye
   sentom sa yo, se de sentom tipik pou
   rim ak lagrip).12
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
I
                                             kouman pou w mentni yo an bonn eta. A ladiferans
                                             de alam pou lafimen yo, alam pou CO yo konn
                                             ekspire apre kek ane.
                                             Piga kite yon alam pou CO ba w yon fo enpresyon
                                             ke w an tout sekirite. Ou dwe itilize alam pou CO yo
                                             tankou yon bakop selman depi w itilize ak  aparey ki
                                             brile kabiran yo korekteman, e depi w fe antretyen
                                             yo. Sa ki genyen, seke yo pa konsevwa alam pou
                                             CO yo pou kontwole nivo CO ki feb yo, e gen anpil
                                             kesyon ki  soulve asavwa si estanda ki tabli pou
                                             alam pou  CO sa yo kapab pwoteje moun sifizaman,
                                             espesyalman sa ki nan gwoup pi sansib yo, tankou
                                             granmoun ki pi aje yo.13

-------
Granmoun k ap rive  nan laj avanse yo
fas a pwoblem  sante ke anviwonman
bay
Inisyativ EPA pou moun aje (EPA Aging Initiative)
ap travay pou pwoteje sante  granmoun aje kont
danje nan anviwonman an, atrave jesyon ris ak
estrateji prevansyon, edikasyon ak rechech. Pou plis
enfomasyon sou Inisyativ EPA pou moun aje, gade sit
entenet la nan www.epa.gov/aging
Ou  ka komande kopi fey ranseyman sa a nan:
http://www.epa.gov/aging/resources/factsheets/
order.htm

Lot resous anplis:
Your Local Poison Center
•  1-800-222-1222
•  Internet: www.aapcc.org

U.S. Environmental Protection Agency
Carbon Monoxide
http://www.epa.gov/iaq/co.html

CDC
Carbon Monoxide
http://www.cdc.gov/co/

Consumer Product Safety Commission
Home Heating Equipment Safety
www.cpsc.gov/cpscpub/pubs/heatpubs.html

Carbon Monoxide Alarms
www.cpsc.gov/cpscpub/prerel/prhtml01/ 01069.
html

Portable Generators
www.cpsc.gov/cpscpub/pubs/portgen.html
Not anba paj
1  Centers for Disease Control and Policy. Carbon
Monoxide-Related Deaths - United States, 1999-2004.
Morbidity and Mortality Weekly Report. December 21, 2007;
56(50):! 309-12.
2 Home Safety Council. Unintentional Home Injury in the
United States. State of Home Safety: 2004 Edition, http://
www.homesafetycouncil.org./state_of_home_safety/
sohs_2004_p017.pdf.
3 (CDC), National Center for Environmental Health,
"Carbon Monoxide Poisoning: Questions and Answers," July
2006. http://www.cdc.gov/co/faqs.htm
4 The U.S. Environmental Protection Agency (EPA), Indoor
Environments Division (6607J) Office of Air and Radiation,
"Protect Your Family and Yourself from Carbon Monoxide
Poisoning," October 1996. http://www.epa.gov/iaq/pubs/
coftshthtml
5 Delayed Neuropathology after Carbon Monoxide
Poisoning Is Immune-Mediated, Stephen R. Thorn, Veena
M. Bhopale, Donald Fisher, Jie Zhang, Phyllis Gimotty and
Robert E. Forster, Proceedings of the National Academy of
Sciences of the United States of America, Vol. 101, No. 37
(Sep. 14, 2004), pp. 13660-13665.
EPA. 2000. Air Quality Criteria for Carbon Monoxide.
U.S.EPA National Center for Environmental Assessment.
June, 2000. EPA 600/P-99/001 F.
6 Centers for Disease Control and Prevention (CDC),
National Center for Environmental Health, "Carbon
Monoxide Poisoning: Questions and Answers," July 2006.
http://www.cdc.gov/co/faqs.htm
7 CPSC. 2004. Non-Fire Carbon Monoxide Deaths
Associated with the Use of Consumer Products: 2001
Annual Estimates. U.S. Consumer Product Safety
Commission, Division of Hazard Analysis, May 13, 2004.
8 Raub, J. A., M.  MathieuNolf, N. B. Hampson, and S.
R. Thorn. Carbon  Monoxide Poisoning - a Public Health
Perspective. TOXICOLOGY (145):1-14, (2000).)
9 Liu, S. Krewski, D., Shi, Y, Chen, Y, and R.T. Burnett.
2003. Association between gaseous ambient air pollutants
and adverse pregnancy outcomes in Vancouver, Canada.
Environmental  Health Perspectives.  111:1773-1778.
10 Ralston, J.D. and N.B. Hampson. 2000. Incidence of
severe unintentional carbon monoxide poisoning differs
across racial/ethnic categories. Public Health Reports.
115:46-51. U.S. Department of Health and Human Services.
11  Yoon, S., Macdonald, S., Parrish, G. 1998. Deaths from
unintentional carbon monoxide poisoning and potential for
prevention with carbon monoxide detectors. JAMA. 279(9):
685-687
12 U.S. Department of Housing and Urban Development.
Healthy Homes Issues: Carbon Monoxide, Healthy homes
Initiative Background Information, December 2005. http://
www.healthyhomestraining.org/Documents/HUD/HUD_CO_
Brief.pdf.
13 The Minnesota Department of Health, Environmental
Health Services Division, "Carbon Monoxide (CO) Poisoning
In Your Home," April 2007. http://www.health.state.mn.us/
divs/eh/indoorair/co/index.html
Haitian Creole translation of:
Preventing Carbon Monoxide Poisoning
Publication Number EPA 100-F-09-015

-------