Yo jwenn ke reyon
iltravyole jwe yon wol
nan dejenerasyon
makila a ke laj
bay ak nan kanse
lapo. Nou dwe pran
prekosyon pou nou
evite rete two Ionian
ekspoze nan reyon
soley la pou nou sa
pwoteje zye n ak
po nou.
Fevriye 2011
Kouman pou n pwoteje zye n ok po
nou kont twop soley
Efe ke reyon iltravyole
genyen sou sante
Enfomasyon pou granmoun aje ak
pwofesyonel ki bay yo swen
Reyon iltravyole (ke yo
rele UV), se de reyon ke
soley pwopaje oswa ki
vini de lot sous atifisyel,
tankou kabann oswa lanp moun
itilize pou pran kout soley (fe
bwonzaj). Fey ranseyman sa a
pral ba w yon rezime jeneral sou
pi gwo pwoblem sante ki an
relasyon ak le moun ekspoze two
Ionian anba reyon UV.
Puiske yo pa kapab separe
avantaj reyon soley yo de
dezavantaj efe li genyen, li
enpotan pou nou konprann risk
ki genyen le nou two ekspoze
a reyon yo, e pou nou pran
de prekosyon byen senp pou
pwoteje let nou. Ou pa kapab
we reyon UV ak zye w, ni ou pa
kapab santi yo, men yo kapab
fe anpil domaj nan po w ak nan
zye w kelkeswa sezon nan lane
a - menm le li fe fre oswa tan an
kouvri deyo a.
Efe nuizib reyon UV
genyen sou zye
Ekspozisyon a reyon UV kapab
koze gwo domaj nan zye w. Men
kelke egzanp de pwoblem zye
ke twop ekspozisyon a reyon UV
kapab lakoz:
Katarak
Ekspoze a reyon UV ogmante risk
pou moun devlope katarak, ki se
yon twoub nan zye kote lantiy
zye a pedi transparans li e sa fe
ke vizyon an vin diminye. Men
kelke siy ki vie di w gen katarak:
• Vizyon w vin twoub oswa
vwale;
• Koule yo paret pal;
• Ekla limye vin two klere pou
w sa gade I;
• Ou we limye yo gen tankou
yon nyaj toutotou yo;
• Vizyon w bese le li fe nuit, epi
• Ou we doub1.
Ekspoze a reyon UV, menm nan
yon nivo ki ba, bay granmoun
aje yo plis risk anko pou yo vin
genyen katarak, kise pi gwo koz
ki rann moun aveg ki genyen.
Kidonk, si w pwoteje zye w
korekteman kont soley, se yon
bonjan fason ke w ap kapab
diminye risk pou devlope katarak.
Kanse lapo ozalantou
po zye
Epitelyoma se tip kanse lapo ki pi
komen ki afekte po zye yo. Nan
laplipa de ka, ou remake yon
-------
blesi (lezyon) sou po anba zye a, men yo konn
parel nenpot lot kote sou po zye yo, nan kwen
zye yo, anba sousi yo, ak nan zon kotakot sou
figi a.
Dejenerasyon makila a ke laj bay
Dejenerasyon makila a ke laj bay, se yon maladi
ki afekte makila nan zye a, kise zon ki pemet
ou we tout delay ak presizyon. Bagay ki endike
ke yon moun gen dejenerasyon makila a, se le
vizyon santral la vin twoub, le gen difikilte pou
rekonet vizaj ak le w bezwen plis limye pou li2.
Reyon soley jwe yon wol nan devlopman DMA3.
DMA, ki vini sou de (2) fom - imid epi sek -
paret leplisouvan nan moun ki gen plis ke 55 an
daj. Laplipa de ka yo jwenn Ozetazini, se tip ki
paka sevi anko a yo ye, e li devlope gradyelman
pou li bay kom rezilta yon vizyon kote pati milye
a twoub. DMA ki swente a limenm devlope
rapidman e li bay kom rezilta yon pi gwo pet
nan vizyon. Moun pa kapab geri de maladi
dejenerasyon makila a. Men, si yo fe dyagnostik
li bone e ke yo komanse trete I rapidman, sa
ede diminye enpak li, ki fe se yon bon rezon pou
w al kay dokte zye w yo regilyeman.
Konjonktivit lanej (Fotokeratit)
Twoub tanpore sa a ki pa two grav rive le yon
moun rete ekspoze two Ionian a reyon UVyo le
yo sou plaj oswa nan lanej. Sentom ki prezanle
le konsa se zye k ap fe dlo, doule, po je ki anfle,
yon sansasyon grenn sab nan zye, yon vizyon ki
vwale oswa ki diminye. Se yon pwoblem ki geri
poukonl li, anjeneral apre kelke jou.
Proteje zye w
Ou kapab evile domaj nan zye ki rive akozde UV.
Pou pwoleje zye w, mele linel soley ki bloke 99
a 100% reyon UV yo. Linel soley ki vlope sou
kole zye yo, se meye linel pou pwoleje zye yo
paske yo bloke reyon nuizib ki vini sou kole yo
lou. Anplisdesa, yon chapo ki genyen rebo ki laj
anpil bay yon selen kanlile pwoleksyon pou zye
lou, paske I ap bloke reyon UV pou yo pa ranlre
pa sou kole yo oswa pa anle linel soley yo.
Efe nuizib ke reyon UV genyen
sou po
Kanse lapo se fom kanse ou jwenn plis
Ozelazini.4 An 2008, yo le jwenn plis moun ki le
fe kanse lapo pase kanse nan sen, nan pwoslal,
nan poumon ak nan kolon (gwo Irip), loul mel
ansanm. Apepre yon ameriken sou senk pral
devlope kanse lapo diran lavi I.
Yo kapab geri kanse lapo ki pi komen yo5 souvan
byen fasilman. Kanse yo rele melanom nan, kise
yon lip de kanse lapo, pi danjere e pi difisil pou
Irele ke 161 yo. Toulfwa yo leplisouvan loujou
kapab geri I si yo genlan komanse Irele I bone
epi avan I genlan gaye sou 161 pali nan ko a6. Si
yo delekle yon melanom alan, sa kapab sove
lavi w.
Reyon UV ogmanle pwodiksyon vilamin D nan
ko a, e se yon vilamin ki esansyel pou ko a ililize
kalsyom komsadwa pou menlni zo yo djanm.
Ofiramezi ke n ap pran laj, po nou vin pa kapab
senlelize vilamin D a fasilman epi ren nou yo
vin gen mwens kapasile pou konveli vilamin D a
sou fom omonal aklif li.
Vyeyisman avan le
Le w ekspoze a reyon soley, apre yon selen
Ian, sa fe po w vin epe, plise, ou vin genyen de
lach fonse epi po w vin lankou kwi. Yon bon
pwoleksyon konl soley kapab anpeche efe sa
-------
yo rive. Jiska 90% nan chanjman ki rive sou po
moun e ke yo panse se akozde laj ke sa rive,
ebyen se ekspoze nan soley ki lakoz yo rive
leplisouvan.
Siy ki endike yon kanse lapo
Tcheke tout ko w (depi anwo let ou ak po
let ou rive jouk anba plan pye w) yon fwa pa
mwa devan yon miwa ki pran tout longe w ak
miwa pou kenbe nan men w. Aprann konnen
kisa ki nomal pou ko w dekwake ou sa remake
kelkeswa chanjman ki fet ladan I. American
Academy of Dermatology (Akademi Ameriken
pou Dematoloji) pibliye yon kat pou montre tout
kalite siy/bouton moun konn genyen sou ko yo k
ap rann li fasil pou detekte tout siy/bouton oswa
remake tout chanjman enpotan nan siy/bouton
ki sou ko w.
Toujou cheche pou we si gen endikasyon kle ki
pou fe w konnen si w genyen yon melanom;
pou fe sa, egzamine siy/bouton ki sou ko w
yo. Kontakte pwofesyonel medikal k ap ba w
swen an si w remake de siy/bouton ki prezante
karakteristik suivan sa yo, oubyen si ou remake
chanjman nan yon siy/bouton, oswa I ap grate w,
I ap senyen, oubyen li paret diferan de lot yo.
• Asimetrik—ki vie di yon mwatye siy/bouton an
pa sanble ak lot mwatye a.
• Bo a—rebo I pa lis, li gondole oswa li pa byen
defini.
• Koule—ou we koule siy/bouton an ap varye.
• Dyamet—Siy/bouton an pi gwo ke yon gom
kreyon.
• Evolisyon I—ki vie di ou remake yon siy/
bouton oswa yon blesi (lezyon) ki paret
diferan de lot yo oswa k ap chanje nan gwose
I ak koule I.
Kiyes ki an danje?
Piba a w ap jwenn yon lis pi gwo fakte ki
detemine risk pou moun gen domaj nan zye
oswa sou po poutet li ekspoze a reyon UV:
• Tout moun, kelkeswa koule yo, gen risk pou
zye yo domaje akozde reyon UV.
• Moun ki gen koule po ki blanch ki pran kout
soley fasil oswa ki gen ti tach sou po yo, sa ki
gen zye ble oswa vet yo, ak sa ki gen cheve
jon oswa wouj yo gen plis risk pou yo devlope
kanse lapo. Nan moun ki gen po ki pi fonse
yo, le gen yon melanom ki devlope, li paret
leplisouvan sou po men yo, plan pye yo oswa
anba zong dwet yo7.
• Moun ki gen moun nan fanmi yo ki te gen
kanse lapo oswa ki pran plizye gwo kout soley
ki grav nan lepase, ak moun ki genyen anpil
siy/bouton sou ko yo (plis ke 50), gen plis
chans pou yo gen kanse lapo. Moun ki travay
anba soley dwe fe atansyon a kanse lapo tou.
• Genyen de medikaman, tankou seten
antibyotik, antiyistaminik ak remed fey ki
ogmante sansibilite po a ak zye pou reyon UV.
Tcheke ak pwofesyonel swenyaj la pou gade
si medikaman w ap pran yo kapab ogmante
sansibilite w a reyon soley.
Prevansyon
• Evite pran kout soley—fakte risk pou kanse
lapo ki pi fasil pou evite a se yon ekspozisyon
two long nan soley
• Ki kote mwen ka jwenn •
plis enfomasyon sou sa?
I Granmoun k ap rive nan laj
- avanse ak pwoblem sante ke -
I anviwonman bay
Ilnisyativ EPA pou moun k ap rive nan •
laj avanse (EPA Aging Initiative) ap
_ travay pou pwoteje sante granmoun .
aje kont danje nan anviwonman
an, atrave jesyon risk ak estrateji
prevansyon, edikasyon ak rechech.
Pou plis enfomasyon sou Inisyativ EPA
pou moun k ap rive nan laj avanse,
gade nan sit entenet la nan
• www.epa.gov/aging
Ou ka komande kopi fey ranseyman
sa a nan: www.epa.gov/aging/
resources/factsneets/order.htm
-------
• Cheche rete nan lonbraj epi limite tan ke w
pase deyo anba soley yo, sitou ant 10:00 AM
pou 4:OOPM, nan moman ke reyon UV yo pi
foyo.
• Rekouvri po w leplis ke w kapab ak yon
chapo ki gen rebo laj anpil ak rad ki tise ak fil
sere.
• Itilize yon krem sole ke SPF li omwen 15 pou
bloke reyon yo sou tout pati nan po w ki pa
rekouvri yo.
• Tcheke endeks pou UV a, ki vie di previzyon
yo bay chak jou sou kantite reyon UV ki pral
rive sou sifas late a.
• Evite ale nan kabin pou bwonze ak sevi ak
lanp pou bwonze.
Lot resous anplis
U.S. Environmental Protection Agency
Community-Based UV Risk Education: The
SunWise Program Handbook
www.epa.gov/nrmrl/
pubs/625r02008/625r02008.htm
www.epa.gov/sunwise
Centers for Disease Control
and Prevention
Protect Yourself from the Sun
www.cdc.gov/cancer/skin/basic info/howto.
htm
National Institutes of Health
The National Cancer Institute
What You Need to Know about Skin Cancer
www.cancer.gov/cancertopics/wyntk/skin
The National Eye Institute
Cataract
www.nei.nih.gov/health/cataract/cataract
facts.asp
Macular Degeneration
www.nei.nih.gov/health/maculardegen/
armd facts.asp
American Academy of Dermatology
Body Mole Map
www.melanomamonday.org/
documents/08 96%20Melanoma%20
Monday°/o20Mole°/o20Map.pdf
American Cancer Society
www.cancer.org
or 1-800-ACS-2345 (1-800-227-2345)
Test your Sun Safety IQ
www.cancer.org/docroot/PED/content/
PED_7_lx_Take_the_Sun_Safety_Quiz.
asp?sitearea=&level
American Optometric Association
Sunglasses shopping guide:
www.aoa.org/documents/
SunglassShoppingGuide0805.pdf
Not anba paj
1 National Institutes of Health, National Eye Institute.
Cataract: www.nei.nih.gov/health/cataract/
cataract facts.asp
2 U. S. Environmental Protection Agency. Community-
Based UV Risk Education: The Sunwise Program
Handbook, pp. 36, 37
3 American Optometric Association. Statement on
Ocular Ultraviolet Radiation Hazards in Sunlight.
www.aoa.org/Documents/OcularUltraviolet.pdf
4 Centers for Disease Control and Prevention. Skin
Cancer, www.cdc.gov/cancer/skin/basic info
5 Ibid.
6 American Cancer Society. Skin Cancer Facts, www.
cancer.org/docroot/PED/content/ped_7_l_
What_You_Need_To_Know_About_Skin_Cancer.
asp?sitea rea=&leve I
7 National Institutes of Health, National Cancer
Institute, "What You Need to Know About
Melanoma: Melanoma: Who's at Risk
www.cancer.gov/cancertopics/wyntk/melanoma/
page7
Haitian Creole translation of:
Health Effects of Ultraviolet Radiation
Publication Number EPA 100-F-11-013
------- |