Out 2008
Maladi ke se
koz prensipal
lanmo nan
pa mi fanm ki
gen plis pase
65 an.1
Fanm ak Sante nan
anviwonman an
Enfomasyon pou granmoun aje ak
pwofesyonel ki bay yo swen
Gen plizye fason
anviwonman an
afekte sante moun.
Yon anviwonman
ki ansante gen efe pozitif;
yon anviwonman ki chaje ak
polisyon mete sante an danje.
Kek nan efe negatif yo gen yon
enpak patikilye sou sante fanm,
sitou pami sa ki gen plis pase
50 an.
Polyan yo se fakte ki afekte
sante nan kondisyon komen
tankou maladi poumon,
ansanm avek lot maladi kwonik.
Kondisyon sante kwonik tankou
tansyon, maladi pilmone
obstriktif kwonik (COPD, nan
lang angle), ak opresyon se pi
komen kay fanm ki gen plis
pase 50 an le w konpare yo ak
msye ki nan menm gwoup laj
la.2
Fey ranseyman sa a ofri
enfomasyon ni sou etap ou ka
pran pou diminye ekspozisyon
w a polyan nan anviwonman an
ni sou kondisyon pou w konnen
tank w ap pran laj, sitou:
Polyan nan le w respire a,
Pwodwi netwayaj ak pestisid
ou itilize nan kay ou, ak
Ekspozisyon timoun yo a
plon ak pwoblem sante ki ka
vin mete pye akozdesa apre
menopoz.3
Polisyon nan le
Polisyon nan le se
kontaminasyon le ki gen
sibstans danjere ladan I. Pami
egzanp polyan nan le, genyen,
antwot:
Patikil fen, tankou echapman
otomobil ak nwa fimen;
Gaz, ki enkli ozon ak oksid
de kabon;
Lafimen ki soti nan chabon
kap boule, Iwil oswa
kewozen e ki soti nan
pwodwi netwayaj kay ak
penti; ak
Lafimen ki soti nan tabak,
nan dife k ap boule
anplenne ak nan recho bwa
k ap boule.
Patikil fen ak ozon se yo ke yo
idantifye kom polyan nan le ki
pi nwizib yo.
Rele Sant Nasyonal Kontwol Pwazon an (National Poison
Control Center) si ou menm oswa yon moun ou konnen
manifeste sentom anpwazonnman (1-800-222-1222).
-------
Le w rete andedan kay ou, se pa sa kap
neseseman fe ke w pwoteje kont polisyon nan
le a. Patikil fen yo ka rantre andedan kay ou
oswa kote wap travay atrave fenet ki louvri,
pot, oswa e kondisyone. Si pa gen vantilasyon
adekwa, lafimen tabak oswa lafimen ki soti nan
pwodwi netwayaj yo ka vin konsantre andedan
kay la e yo ka rapidman degrade kalite le a.
Rele Sant Nasyonal Kontwol Pwazon an
(National Poison Control Center) si ou menm
oswa yon moun ou konnen manifeste sentom
anpwazonnman (1-800-222-1222).
Efe polisyon nan le a gen sou
lasante
Si w gen maladi kadyovaskile, polisyon
nan le ka lakoz varyasyon sibit oswa yon
ogmantasyon nan ritm kadyak ou.4 Polisyon
nan le ka agrave atewosklewoz kowone oswa
kondisyon kadyak kwonik ki ka koze yon kriz
kadyak56 e petet lanmo, sitou pami fanm ki
fin fe menopoz yo.7
Si w gen yon maladi nan poumon, polisyon
nan le a ka rantre nan vwa respiratwa w e li
ka koze pwoblem sante ki enkli anflamasyon
poumon, difikilte pou respire, e li ka agrave
kondisyon opresyon ak COPD a.
Si w soufri dyabet, le w ekspoze w a polisyon
nan le sa ka ogmante risk pou gen kriz
kadyak, estwok, ak lot pwoblem ke.8
Kouman pou evite oswa minimize
ekspozisyon w a polisyon nan le
Verifye Endis Kalite Le a (Air Quality Index: AQI)
chak jou.
AQI a rapote sou kondisyon pwoprete le a e li fe
w konnen tou si sa pral afekte sante w. Diminye
aktivite ou fe deyo lepliske posib jou kalite le a
pa bon. Ou ka jwenn plis enfomasyon sou AQI,
le w ale sou sit entenet la nan www.epa.gov/
airnow. Ou ka jwenn plis enfomasyon tou sou
kalite le a chak jou, nan jounal, televizyon, ak
nan rapo sou meteyo yo bay nan radyo.
Pestisid ak pwodwi netwayaj
Pestisid ak pwodwi netwayaj, sou fom poud, jel,
likid oswa flit, se pwodwi chimik ki fo ki sevi nan
kay ak nan jaden pou netwaye sifas e pou touye
ensek. Ekspozisyon eksesif a
pwodwi chimik ki danjere nan pestisid ak ajan
netwayaj yo, ka bay:
Maltet
Toudisman
Kontraksyon miskile
Noze, ak
Febles
Si ou menm, yon manm fanmi w, oswa yon
zanmi w manifeste nenpot nan sentom sa yo,
rele sant kontwol pwazon lokal ou a.
Sondaj sal dijans sigjere ke timoun ki gen
mwenske sizan gen plis chans pou yo
anpwazone pandan yap vizite granparan
yokote li pi fasil pou yo an kontak ak pwazon
e kote ki pa gen bouchon ak femti timoun pa ka
ouvri-pase le yo lakay yo.
Byenke granmoun pi aje reprezante mwenske
twa pousan nan ka anpwazonnman ki rapote,
yo te gen defwa plis chans pase timoun ak jenn
adilt pou yo sibi rezilta grav e yo te gen 10 fwa
plis chans pou yo mouri akozde ekspozisyon
a pwodwi chimik sa yo." Anplis, ekspozisyon
alontem a pestisid gen rapo ak pwoblem sante
tankou kanse ak pwoblem newolojik (nan
sistem neve) tankou vin antatad.1213
-------
Kouman pou evite oswa minimiz
ekspozisyon w a pestisid oswa
pwodwi netwayaj
Kite pwodwi yo nan boutey yo vini ladann
nan. Li etiket yo avek atansyon epi swiv tout
prekosyon yo rekomande yo.
Jete pestisid ak pwodwi netwayaj yo selon
enstriksyon ki sou etiket yo.
Le wap itilize pwodwi andedan kay la, kite
pot ak fenet yo louvri epi limen yon vantilate
pou sa gen anpil vantilasyon.
Itilize pwodwi a selman nan seksyon ki gen
pwoblem nan. Limite kantite w itilize selon
rekomandasyon ki make sou etiket la.
Riga w janm itilize andedan kay, pwodwi ki
fet pou deyo. Se pou w femen pot ak fenet
kay ou anvan w aplike pwodwi yo deyo a.
Apre w fin sevi ak pwodwi yo, toujou lave
men w ak tout lot pati nan ko oswa rad ou
ki te ekspoze a pwodwi yo.
Plon
Eske w konnen si w te ekspoze a plon le w te
pi piti, I ap toujou nan ko w jouk kounye a?
Plon ap akimile nan zo w yo kote li ka pa gen
okenn efe negatif sou sante w jiska pi devan
nan vi w. Pandan peryod menopoz, plon ki
akimile nan zo yo ap dekonpoze epi I ap lage
nan kouran sangen w. Pami fanm ki pi aje, nivo
plon nan san yo ka rive jiska 25 a 30 pousan pi
wo pase nivo li te ye anvan menopoz.14
I
I
I
I
I
I
I
Eske w te konnen?
Itilizasyon terapi omon pou
menopoz ka ogmante risk
pou w devlope opresyon.9
An 2003, pliske 63.000 fanm
mouri akozde COPD, konpare
a 59.000 gason.2
Dyabet se yon pwoblem
sante enpotan kote fanm yo,
sitou pami Afriken-American
ak Endyen Ameriken/
Natifnatal Alaska.10
I
I
I
I
I
I
I
Ogmantasyon sa yo, ansanm avek ekspozisyon a
plon nou jwenn nan dlo oswa nan kay, ka gen efe
negatif sou lasante a. Nivo plon nan san ki pi elve
ka ogmante ris pou ipetansyon, atewosklewoz,
ak fonksyonman ren ki diminye.14 Anplis,
anpwazonnman ka lakoz fonksyonman koyitif ki
diminye, avek sentom ki sanble ak vin antatad.15
Kisa w ka fe?
Al kay dokte touswit si w santi sentom tankou
maltet, toudisman, kontraksyon miskile, noze,
oswa febles.
Rele konpayi lokal piblik ki ba w dlo pou w
mande rapo anyel sou kalite dlo potab. Fe yon
laboratwa setifye teste pwi dlo prive w chak
ane. Si w bezwen plis enfomasyon, rele Liy
Enfomasyon EPA sou Dlo Potab san Danje (EPA
Safe Drinking Water Hotline) (nan 1-800-426-
4791 oswa ale sou sit entenet la nan www.epa.
gov/safewater).
Kite pent! ki fet abaz plon jan I ye a, si li an
bonn eta; piga sable oswa evapore pent! ki ka
gen plon ladan.
Piga retire pent! abaz plon ou menm. Pou w
wete pwodwi ki gen plon, anboche sevis yon
pwofesyonel setifye nan travay sa.
-------
Kouman mwen ka jwenn plis
enfomasyon?
Inisyativ EPA pou moun aje (EPA Aging Initiative)
ap travay pou pwoteje sante granmoun aje kont
danje nan anviwonman an, atrave jesyon ris ak
estrateji prevansyon, edikasyon ak rechech. Pou
plis enfomasyon sou Inisyativ EPA pou moun aje,
gade sit entenet la nan www.epa.gov/aging
Granmoun aje ak Kalite le a
http://airnow.gov/index.cfm?action=static.
olderadults
Kalite le a
Endis sou Kalite le a Ajans pou pwoteksyon
anviwonman an
www.airnow.gov
Kalite le enterye
www.epa.gov/iaq/
Kay ki pa gen lafimen
www.epa.gov/smokefree/
Sante nan anviwonman an
MedlinePlus
www.nlm.nih.gov/medlineplus/
airpollution.html
Maladi ke ak Estwok
Asosyasyon Ameriken kont maladi ke (American Heart
Association)
http://www.americanheart.org/presenter.
jhtml?identifier=4786
Maladi poumon
Enstiti Nasyonal pou maladi ke, poumon ak son
(National Heart Lung and Blood Institute)
http://www.nhlbi.nih.gov/health/public/
lung/index.htm
Asosyasyon Ameriken kont maladi poumon (American
Lung Association)
http://www.lungusa.org
Pwoblem sante fanm
Sant Nasyonal Rechech pou Fanm ak Fanmi (National
Research Center for Women and Families)
http://www.center4research.org/
Depatman Sante ak Sevis Imen nan Etazini (U.S.
Department of Health and Human Services)
http://www.4women.gov/
Not anba paj
1 Centers for Disease Control and Prevention,
http://www.cdc.gov/DH DSP/announcements/american_
heart_month.htm
2 American Lung Association, http://www.lungusa.http://
www.lungusa.org/site/apps/s/content.asp?c=dvLUK9OOE&b=
34706&ct=3052283
3 Muldon, S.B.; Cauley, J.A.; Kuller, L.H.; Morrow, L;
Needleman, H.L; Scott, J.; Hooper, F.J.; Effects of blood levels
on cognitive function of older women.
4 American Heart Association, http://www.americanheart.
org/presenter/jhtml?identifier=4419
5 Brook, R.D.; Franklin B.; Cascio W.; Hong, Y.; Howard G.;
Lipsett, M.; Luepker, R.; Mittleman, M.; Samet, J.; Smith Jr,
S.C.; and Tager, I., 2004. Air pollution and cardiovascular
disease. Circulation 109:2655-2671. http://circ.ahajournals.
org/cgi/content/full/109/21/2655
6 Zanobetti, A.; and Schwartz, J., 2007. Particulate air
pollution, progression, and survival after myocardial infarction.
Environmental Health Perspectives 115(5):769-774.
7 Miller, K.A.; Siscovick, D.S.; Sheppard, L; Shepherd, K.;
Sullivan, J.H.; Anderson, G.L; and Kaufman, J.D., 2007. Long-
term exposure to air pollution and incidence of cardiovascular
events in women. N Engl J of Med. 365(5):447-458.
8 Zanobetti, A. and Schwartz, J., 2002. Cardiovascular
damage by airborne particles: are diabetics are more
susceptible? Epidemiology 13(5): 588-592.
9 Barr, R.G.; Wentowski, C.C.; Grodstein, F.; Somers, S.C.;
Stampfer, M.J.; Schwartz, J.; Speizer, F.E.; and Camargo,
C.A. 2004. Perspective study of postmenopausal hormone
use and newly diagnosed asthma and chronic obstructive
pulmonary disease. Arch Intern Med. 164: 379 - 386.
10 U.S. Department of Health and Human Services,
http://www.4woman.gov/minority/americanindian/diabetes.
cfm.
11 National Poison Control Center Data, 1993-1998.
12 Dich, J.; Zahm, S.H.; Hanberg, A.; and Adami, H., 2004.
Pesticides and cancer. Cancer Causes & Control,8(3), 420-
443.
13 Kamel, F. and Hoppin, J.A., 2004. Association of
pesticide exposure with neurologic dysfunction and disease.
Environmental Health Perspective, 112(9),950-958.
14 Nash, D.; Magder, L.S.; Sherwin, R.; Rubin, R.J.; and
Silbergeld, E.K., 2004. Bone density-related predictors of
blood lead level among pre- and postmenopausal women
in the United States. American Journal of Epidemiology, 160,
901-911.
15 Carpenter, D.O., 2001. Effects of metals on the nervous
system of humans and animals. International Journal of
Occupational Medicine and Environmental Health, 14(3),
209-218.
Protecting OK Health
vt Older Americans
Publication Number EPA 100-H-08-056
------- |