v>EPA United States Environmental Protection Agency MIZAJOU KOMINOTE - RAFINRI ST. CROIX Plan pou Retire Amonyak ak pou Kontwole Le Kdmansman Eliminasyon Amonyak nan Rafinri a nan St. Croix Nan dat 9 Fevriye 2023, EPA te apwouve plan pou retire amonyak anid san pwoblem nan rafinri a nan St. Croix. Epitou EPA te apwouve sou kondisyon plan pou retire gaz petwol ki vin likid ak amin yo. EPA pral sipevize travay la. Yo planifye pou fe reparasyon nan sistem amonyak Ian nan mwa Mas. Yo prevwa pou komanse retire amonyak Ian nan komansman mwa Avril epi yo prevwa pou fini nan fen Avril, apresa y ap retire gaz petwol ki vin likid ak amin yo. An Rezime Yo ka jwenn amonyak sou fom likid ak sou fom gaz. Amonyak sou fom gaz, oswa amonyak anid, se yon pwodwi chimik endistriyel ki danjre. Se yon kontrakte espesyalize ki pral retire I nan rafinri a. Yo pral transpote tout amonyak ki sou fom likid ak amonyak ki sou fom vape yo deyo zile a pou byen elimine I. Plis detay disponib pi ba a. Amonyak Amonyak se yon gaz san koule ki gen yon ode ki diferan anpil. Anpil moun abitye ak ode amonyak nan paske li itilize nan sel odoran, nan anpil pwodwi pou fe netwayaj nan kay ak nan endistri, ak nan pwodwi pou netwaye vit yo. Amonyak anid se yon pwodwi chimik endistriyel ki pi fo anpil pase amonyak nou pi souvan jwenn nan pwodwi pou netwaye kay yo. Sentom ki gen rapo ak ekspozisyon nan amonyak nan, nan fom likid ak fom gaz yo, gen ladan zye ki vin wouj, iritasyon nan goj oswa nan poumon, tous, ak yon sansasyon ke w ap toufe. Etid yo pa te montre ke amonyak lakoz kanse. Yo itilize amonyak kom aditif nan yon sistem nan rafinri ki pemet yo pwodwi gazolin. Ou ka jwenn yon fich enfomasyon ki gen repons pou kesyon sante moun poze souvan sou amonyak nan Potav Sibstans Toksik nan Ajans pou Sibstans Toksik ak Rejis Maladi a (Agency for Toxic Substances and Disease Registry). Plan pou Eliminasvon Amonyak Genyen 40,000 liv (apepre 8,500 galon) amonyak anid likid ki konseve kounya nan rafinri a. Plan an mande pou Port Hamilton Refining and Transportation, LLLP (PHRT) ak kontrakte li a pou fe reparasyon nan sistem nan pou asire ke yo elimine amonyak nan yon fason ki san danje. Kontrakte PHRT, Specialized Response Solutions, pral retire amonyak anid nan sistem amonyak nan. Yo pral transfere amonyak anid likid la nan kontene ekspedisyon ki setifye pou ekspedye yo deyo zile a pou yo vann oswa pou byen elimine I. Apre yo fin elimine likid la, yo pral transfere vape ki rete nan sistem Ian nan yon lot kontene ekspedisyon nan yon sikwi femen, ki pral anpeche tout vape yo soti. Apresa yo pral itilize azot (yon gaz inet oswa non-reyaktif) pou retire tout vape ki rete yo nan sistem amonyak nan. Apresa yo pral itilize le konprime kom yon denye fason pou netwaye sistem nan. Yo pral dirije gaz yo evakye nan denye netwayaj la nan kontene ki ranpli ak dlo fre. Operasyon sa a pral fwote, oswa retire vape amonyak Ian nan gaz pou eliminasyon an. Li pral melanje ak dlo pou kreye yon solisyon amonyak dilye. Yo pral voye kontene ekspedisyon ki kenbe vape amonyak nan ak solisyon amonyak dilye a deyo zile a pou bon jan eliminasyon. Kontak pou Kominote EPA yo: Zeno Bain ak Philip Parker nan StCroix@epa.gov oswa (866) 462-4789 Liy Asistans Gratis EPA a: (866) 462-4789 Imel EPA: StCroix@epa.gov Sit Entenet Rafinri St. Croix EPA a: www.epa.gov/vi/refinerv-st-croix-us-virgin-islands Sit entenet VITEMA: www.vitema.vi.gov MIZAJOU KOMINOTE POU REJYON 2 EPA 7 MAS 2023 ------- Kalandrive pou Eliminasvon Amonvak Fason pou Rete Aiou Genyen yon kantite fakte ki pral determine kalandriye egzat pou eliminasyon amonyak anid likid la, ak retablisman vape amonyak ki nan tiyo ak veso tretman an. Fakte yo gen ladan disponiblite ak livrezon kontene ekspedisyon ki apwopriye yo, ak livrezon ekipman ak materyel yo sou sit PHRT a. Yon fwa tout travay preparasyon an fini epi ekipman yo an plas, EPA prevwa ke sa ap pran apepre dis jou pou retire likid yo. Gen anpil chans pou eliminasyon vape amonyak anid yo nan sistem amonyak nan pran apepre sis jou anpiis. Yo prevwa ke netwayaj avek azot ak le konprime a ap pran yon lot dis jou. Kontwol =e EPA pral kontwole le a vennkat sou vennkat pou asire sekirite moun. Yo endike anplasman pou kontwole le yo pi ba a. EPA pral afiche rezilta pou kontwol le yo nan tan reyel sou yon sit entenet ki pral konekte ak rafinri EPA a sou Sit Entenet St Croix a. EPA pral kontinye fe kowodinasyon rapwoche ak ajans jesyon ijans ak anviwonmantal gouvenman Zile Vyej Etazini yo. Ajans Jesyon Ijans Teritwa Zile Vyej yo (Virgin Islands Territorial Emergency Management Agency, VITEMA) se ajans ki fe kowodinasyon ak Zile Vyej Etazini yo pou preprasyon ak entevansyon dijans. Pou rete ajou pandan travay reparasyon nan sistem amonyak nan ak eliminasyon amonyak nan, rezidan yo ka: 1. Kontwole kondisyon kalite le nan tan reyel ki disponib sou sit entenet piblik EPA a pou etablisman PHRT a nan https://phrt- epa.hub.arcgis.com/. 2. Enskri pou resevwa avetisman nan Sistem Alert VI VITEMA a nan https://member.everbridge.net/8928077367290 08/new. 3. Swiv mizajou otorite lokal yo, ki gen ladan enfomasyon yo bay pandan mizajou chak semen Gouvene a. 4. Siveye telefon potab ou pou kapab resevwa difizyon notifikasyon nan men ajans lokal yo, tankou VITEMA. EPA Air Monitoring Locations PLAN POU RETIRE AMONYAK AK POU KONTWOLE LE 2 ------- |